Mwayen Oryan
- Serge Michel
Manifestan Pran Kontwòl Inivèsite Columbia nan Nouyòk

Manifestan anfavè Palestinyan pran kontwol yon bilding nan Inivèsite Columbia nan New York bonè jodi madi a, kote yo mete barikad devan antre kanpis la e deplwaye yon drapo palestinyen nan yon fenèt, se dènye eskalasyon ki fèt nan manifestasyon kont lagè Izrayèl-Hamas la, ki gaye nan kanpis inivèsite nan tout peyi a.
Video moutre manifestan sou kanpis Columbia nan Manhattan ki kenbe men devan Bilding Hamilton bonè jodi madi a e ki ap pote mèb ak barikad an metal ale devan bilding nan, ki se youn pami tout lòt ke manifestan te okipe sou kanpis la nan batay pou dwa sivik an 1968, ak nan manifestasyon kont Lagè Vyetnam nan. Mesaj ke òganizatè mouvman sa a yo poste sou yon paj Instagram yon ti tan apre apre minwi, mande moun pwoteje kan an epi jwenn ak yo nan Bilding Hamilton Hall la.
Estasyon radio etidyan, WKCR-FM pase yon repòtaj pwen pa pwen ki moutre jan yo pran kontwol bilding nan – prèske 12 èdtan apre dèle lendi 2 zè apremidi pou manifestan yo te kite yon kan ki te gen apeprè 120 tant, osnon inivèsite a ta pwal sispann etidyan sa yo.
See all News Updates of the Day
Administrasyon Trump la Pral Reprann Asistans Militè pou Ikrèn

Administrasyon Trump la deklare Madi 12 mas la li pral leve tou suit sispansyon asistans militè pou Ikrèn ak pataj ransèyman ak Kyiv.
Anons la vini yon semèn apre Etazini te enpoze mezi pou fòse Prezidan Ikrenyen Volodymyr Zelenskyy tanmen chita tande pou mete fen nan lagè a ak fos Ris yo.
Yon deklarasyon administrasyon an te pibliye pandan chita tande ant Ikrèn ak Etazini nan Arabi Saoudit.
Ikrèn di tou li ouvè pou l ta obsève yon seselfe 30 jou nan lagè ak Larisi si Kremlen an dakò.
- Jean Robert Phillipe
Rubio Vwayaje Arabi Saoudit
Yon rankont wo nivo ant Etazini ak Ikrèn gen dewoule nan Arabi Sawoudit nan jefò pou mete fen nan gè Ikrèn Larisi-a.
Etazini Pale Ak Hamas
Yon negosyatè sou kesyon otaj nan administrasyon Trump lan di dènye reyinyon li te genyen ak reprezantan gwoup Hamas la, yon gwoup Etazini klase kòm gwoup teworis, te "itil." Diskisyon yo te konsantre sou liberasyon yon otaj Ameriken-Izraelyen Hamas kenbe.
Netanyahu nan Tribinal Pou Temwaye nan yon Dosye Koripsyon

Premye Minis Izrayèl la, Benjamin Netanyahu, rive nan tribinal Tel-Aviv pou l temwaye nan jijman li pou koripsyon. Netanyahu anba akizasyon pou koripsyon, fwod, ak abi konfyans nan twa dosye diferan, sa ki fè l vin premye Premye minis an fonksyon nan peyi a ki sibi yon jijman penal.
Madi, pou premye fwa, yo te tande l nan jijman li pou koripsyon. Netanyahu te deklare akizasyon yo "ridikil".
Nan depozisyon li, li te di: "Pa gen koripsyon, pa gen fwod. Sa jis ridikil." Apre sa, li te pase yon pati nan tan li ap kritike medya yo.
Odyans sa a make rekòmansman pwosè a ki te tanmen nan mwa me 2020, men ki te sispann akòz lagè a nan Gaza. Netanyahu te mande plizyè fwa pou yo repouse dat pwosè a, akoz lagè ki te eklate apre atak mouvman islamis palestinyen Hamas la te lanse sou Izrayèl 7 oktòb 2023. Lagè a toujou ap kontinye.
Pandan odyans madi a, Netanyahu te reponn akizasyon ak temwayaj ki te fèt sou li, sitou temwayaj kèk ansyen kolaboratè l.
Devan tribinal Tel-Aviv la, sipòtè li yo t ap chante : "Netanyahu, pèp la dèyè w!" Pandan tan sa a, opozan li yo, ki ap manifeste kont li depi plizyè mwa, t ap rele: "Prizon pou Bibi!" – "Bibi" se ti non Netanyahu.
Lè yo te mande l ki jan li santi li fas ak akizasyon yo, li te reponn : "Di se yon gout dlo nan lanmè ta egzajere, men mwen okipe ak kesyon ki pi enpòtan nan nivo mondyal."
Plizyè depite ki fè pati kowalisyon gouvènmantal li a te asiste odyans la, ki te fèt nan yon sal anba tè. Pou rezon sekirite, pwosè a te deplase soti Jerizalèm pou ale Tel-Aviv.
Ajan Imigrasyon Arete yon Aktivis Palestinyen ki Ede Dirije Manifestasyon nan Inivèsite Columbia

Yon aktivis Palestinyen renome ki te ede dirije manifestasyon ki te dewoule nan sezon prentan ane pase a nan Inivèsite Columbia anba kòd apre ajan imigrasyon federal Etazini arete l.
Avoka Mahmour Khalil di yo arete l nan apatman li ki sitye tou pre inivèsite a. Ajan yo te di l yap egzekite lòd Depatman Deta pase pou revoke green card li (kat vèt ki akòde moun rezidans pèmanan Ozetazini).
Khalil, ki gradye nan mwad Desanm nan jwenn arestasyon li apre ajan ICE yo te debake lakay li, yo kenbe l nan yon sant detansyon nan New Jerze.
Madanm misye ki ansent 8 mwa, di otorite yo pat esplike poukisa yo tap arete l.
Yon pòtpawòl Depatman Sekirite Nasyonal la konfime arestasyon Khalil. Yo dekri l tankou yon aksyon ki apiye dekre Prezidan Trump pase ki entedi zak anti-Juif.
Facebook Forum