Accessibility links

Breaking News

Etazini: Etidyan Kontinye Manifeste Kont Lagè Izrayèl nan Gaza a


Pro-Palestinian students chant as they protest the Israel-Hamas war on the campus of the University of Texas in Austin, Texas, on April 24, 2024.
Pro-Palestinian students chant as they protest the Israel-Hamas war on the campus of the University of Texas in Austin, Texas, on April 24, 2024.

Manifestasyon ap twouble inivèsite yo nan tout Etazini pandan lekòl ki pwal gen seremoni gradyasyon lòt mwa ap fè fas ak ekzijans ki mande pou yo koupe relasyon finansye ak Izrayèl akoz lagè Izrael-Hamas la.

Plizyè kanpis te byen trankil pandan wikenn nan men manifestan nan kan ki kont lagè a ak sa ki anfavè li te rele fò len sou lòt nan manifestasyon ki t ap dewoule ayè dimanch la nan Inivèsite Kalifòni, Los Angeles.

Apeprè 275 moun te jwenn arestasyon yo samdi a sou divès kanpis, pami yo Inivèsite Indiana nan Bloomington, Inivèsite Eta Arizona ak Inivèsite Washington nan vil St. Louis.

Kantite arestasyon ki fèt pandan wikenn nan te preske rive nan 900 depi lè lapolis New York te wete yon kan manifestan anfavè Palestinyen nan Inivèsite Columbia e arete plis pase 100 manifestan 18 Avril pase.

XS
SM
MD
LG