Accessibility links

Breaking News

Open Society Foundations ap Envesti $20 Milyon pou Apiye Sosyete Sivil Ayiti


Foto Achiv: Yon mesye pase devan Pale Nasyonal la nan Potoprens, Ayiti, 2 Avril, 2024.
Foto Achiv: Yon mesye pase devan Pale Nasyonal la nan Potoprens, Ayiti, 2 Avril, 2024.

Open Society Foundations, yon oganizasyon non-gouvènmantal ki pa dèyè fè benefis anonse yon angajman pou l envesti $20 milyon pou apiye sosyete sivil la an Ayiti.

Dapre yon nòt pou laprès fondasyon an voye bay VOA, lajan sa a pral apiye yon seri inisyativ ki gen kòm bi pou ranfòse sosyete sivil Ayisyèn nan epi ankouraje devlopman enklisiv.

Envestisman Open Society Foundations tonbe nan kad yon nouvo kanpay ke fondasyon W.K. Kellogg ak patnè li yo, Pockets of Hope fòme pou kore sipò filantwopik pou inisyativ kominotè Ayisyen nan domèn edikasyon, la sante, sekirite ekonomik ak lot domèn ankò.

Se milyadè George Soros ki te fonde ONG sila a. Li egziste depi mwad Avril 1993. Objektif li se apiye finansyèman gwoup sosyete sivil toupatou nan mond lan pou pwomouvwa jistis, edikasyon swen sante ak medya endepandan.

Open Society Foundations gen katye jeneral li nan Nouyòk.

XS
SM
MD
LG