Accessibility links

Breaking News

Mwayen Oryan

Lame Izrayel di Li Lanse yon Frap Ayeryen nan Sid Liban ki Touye yon Kòmandan Hezbollah

Lame Izrayèl la di jodi lendi a li lanse yon frap aeryen nan sid Liban kote li touye yon kòmandan Hezbollah ki te mennen plizyè atak ki te vize pati Nò Izrael.

Yon deklarasyon lame Izrayèl la idantifye kòmandan an kòm Ali Ahmad Hassin nan Fòs Radwan nan Hezollah.

Gwoup militan an anonse lanmò youn nan konbatan li yo e li bay menm non an men san bay okenn detay sou lanmò li.

Fòs Defans Izrayèl yo di frap la touye 2 lòt moun. Atak sou 2 bò fwontyè a ant fòs Izraelyen yo ak Hezbollah, ap fèt tanzantan tout pandan lagè Izrayèl kont Hezbollah ki se alye Hamas, yon lagè ki la depi 6 mwa.

See all News Updates of the Day

Plan Trump pou Gaza: Somè Arab la Ap Fèt nan Riyad 20 Fevriye

Trump Israel
Trump Israel

Somè senk peyi arab yo, ki vize prepare yon repons pou plan prezidan ameriken, Donald Trump, ki prevwa deplase Palestinyen yo soti nan Fwontyè Gaza, ap fèt 20 fevriye, daprè sa yon sous saoudyen te di AFP.

Somè sa a ap reyini lidè Arabi Saoudit, Lejip, Emira Arab Ini, Katar, ak Jordani, ansanm ak Otorite Palestinyen, "pou analize plan Trump lan an pwofondè epi prepare yon repons arab," selon menm sous la.

Materyèl Konstriksyon Pare pou Antre nan Gaza Depi Peyi Lejip

Tents are erected outside the rubble of a collapsed building by the destroyed Sheikh Radwan Health Centre, run by the United Nations Relief and Works Agency for Palestine Refugees (UNRWA), in the north of Gaza City on February 10, 2025 amid the current ce

Plizyè dizèn bouldozè ak gwo kamyon chaje ak materyèl konstriksyon te aliyen jedi sou bò Lejip nan pasaj fwontyè Rafah, anvan yo antre nan Bann Gaza, ki fin kraze akòz lagè ant Izrayèl ak Hamas, dapre sa yon medya ki pwòch sèvis ransèyman Lejip la rapòte.

Al-Qahera News tou fè konnen gen kamyon ki pote kay mobil ki estasyone nan pasaj la, pare pou antre nan teritwa Palestinyen an.

Trèv nan Gaza: Hamas Di li Vle Toude Pati yo Respekte Akò a

Israel Palestinians
Israel Palestinians

Hamas te deklare jedi li vle kontinye mete an aplikasyon akò trèv ak Izrayèl la, men sa depann si Izrayèl respekte obligasyon li yo tou.

Sepandan, gen yon blokaj sou pwochen echanj prizonye ki te dwe fèt samdi, sa ki menase trèv nan lagè a.

"Nou pare pou mete (akò a) an aplikasyon epi fòse fòs okipasyon an (Izrayèl) pou li respekte l nèt", se sa Abdel Latif al-Qanou, pòtpawòl mouvman islamis palestinyen an, te deklare nan yon kominike.

"Medyatè yo ap mete presyon (...) pou pwosesis echanj otaj yo rekòmanse samdi" nan bann Gaza, kote yo ta dwe echanje otaj kont Palestinyen ki fèmen nan prizon Izrayelyen yo, tèks la ajoute.

Gaza: Ejip Di Li Pral Prezante yon "Vizyon" pou Rekonstwi Gaza san Deplasman Palestinyen

Tents are erected outside the rubble of a collapsed building by the destroyed Sheikh Radwan Health Centre, run by the United Nations Relief and Works Agency for Palestine Refugees (UNRWA), in the north of Gaza City on February 10, 2025 amid the current ce
Tents are erected outside the rubble of a collapsed building by the destroyed Sheikh Radwan Health Centre, run by the United Nations Relief and Works Agency for Palestine Refugees (UNRWA), in the north of Gaza City on February 10, 2025 amid the current ce

Ejip planifye pou "prezante yon vizyon konplè pou rekonstriksyon" nan bann Gaza ki garanti Palestinyen yo rete sou tè yo, dapre ministè afè etranjè ejipsyen an madi swa.

Ejip "espere kolabore" ak administrasyon Prezidan ameriken Donald Trump sou kesyon an, apre li te di li ta ka kanpe èd yo bay Ejip ak Jòdani si yo refize kolabore ak plan li pou pran kontwòl bann Gaza epi deplase popilasyon an nan peyi yo.

Prezidan Ejipsyen an Repete li Kont Deplasman Palestinyen Gaza yo

Egyptian President Abdel Fattah al-Sissi chairs an Arab foreign ministers meeting during an Arab summit in Sharm el-Sheikh, South Sinai, March 29, 2015.
Egyptian President Abdel Fattah al-Sissi chairs an Arab foreign ministers meeting during an Arab summit in Sharm el-Sheikh, South Sinai, March 29, 2015.

Prezidan Ejipsyen an, Abdel Fattah al-Sissi, mande madi pou rekonstriksyon Gaza "san deplase Palestinyen yo," apre Donald Trump te di li ka sispann èd li bay Ejip ak Jòdani si peyi sa yo refize resevwa Gazawi yo.

Pandan yon apèl telefòn ak premye minis Danwa a, Mette Frederiksen, Sissi mete aksan sou "nesesite pou kòmanse rekonstriksyon Gaza (...) san deplase Palestinyen yo e nan yon fason ki prezève dwa yo pou viv sou tè yo," daprè yon kominike biwo li te pibliye.

Prezidan Ejipsyen an repete kreyasyon yon eta Palestinyen bò kote Izrayèl se "sèl garanti pou reyalize yon lapè dirab" nan Mwayen Oryan an.

Semenn pase a, pandan li te nan Washington ak Benjamin Netanyahu, prezidan ameriken an te deklare Etazini pral pran "kontwòl" Gaza pou rekonstwi li epi devlope li ekonomikman. Li te pwopoze pou Gazawi yo ta deplase Jòdani oswa Ejip.

Plan Trump lan te pwovoke gwo kontestasyon sou plan entènasyonal epi li te rejte pa Palestinyen yo, Jòdani ak Ejip, ki se pami pi gwo benefisyè èd ameriken an.

Malgre sa, prezidan ameriken an rete konvenki Jòdani ak Ejip ap fini pa aksepte resevwa Palestinyen yo.

"Mwen panse mwen ka fè yon akò ak Jòdani. Mwen panse mwen ka fè yon akò ak Ejip. Nou ba yo milya ak milya dola chak ane," Trump te di.

Lendi, ministè afè etranjè Ejip la te voye jete "nenpòt konpwomi" ki ta ka vyole dwa Palestinyen yo, sitou dwa yo genyen pou "rete sou tè yo," apre yon rankont ant chèf diplomasi Ejipsyen an, Badr Abdelatty, ak tokay ameriken li, Marco Rubio, nan Washington.

Load more

XS
SM
MD
LG