Mwayen Oryan
Gaza: Retrè Twoup Izrayelyen nan Lopital Shifa a

DEIR AL-BALAH, Gaza Strip (AP) — Rezidan Palestinyen yo di ke lame Izrayelyen wete solda li nan pi gwo lopital nan Gaza a apre yo te mennen yon gwo operasyon pandan 2 semèn ki pase yo, e yo kite dèyè anpil destriksyon.
Plizyè santèn moun te retounen nan Lopital Shifa ak vwazinaj li apre twoup izraelyen yo te fin rale kò yo byen bonè Lendi, kote yo te jwenn kadav andedan ak deyò etablisman an.
Lame a dekri desant dèlye a kòm youn nan operasyon ki gen plis siksè nan lagè Gaza a ki gen prèske 6 mwa. Li di ke li touye yon bon valè militan Hamas ak lòt, epi tou ke li sezi enfòmasyon ki gen anpil valè.
Chèf Òganizasyon Mondyal Lasante a di dimanch swa ke 21 pasyan mouri nan atak la e ke plis pase 100 lòt te nan kondisyon difisil.
See all News Updates of the Day
Gaza: Ejip Di Li Pral Prezante yon "Vizyon" pou Rekonstwi Gaza san Deplasman Palestinyen

Ejip planifye pou "prezante yon vizyon konplè pou rekonstriksyon" nan bann Gaza ki garanti Palestinyen yo rete sou tè yo, dapre ministè afè etranjè ejipsyen an madi swa.
Ejip "espere kolabore" ak administrasyon Prezidan ameriken Donald Trump sou kesyon an, apre li te di li ta ka kanpe èd yo bay Ejip ak Jòdani si yo refize kolabore ak plan li pou pran kontwòl bann Gaza epi deplase popilasyon an nan peyi yo.
Prezidan Ejipsyen an Repete li Kont Deplasman Palestinyen Gaza yo

Prezidan Ejipsyen an, Abdel Fattah al-Sissi, mande madi pou rekonstriksyon Gaza "san deplase Palestinyen yo," apre Donald Trump te di li ka sispann èd li bay Ejip ak Jòdani si peyi sa yo refize resevwa Gazawi yo.
Pandan yon apèl telefòn ak premye minis Danwa a, Mette Frederiksen, Sissi mete aksan sou "nesesite pou kòmanse rekonstriksyon Gaza (...) san deplase Palestinyen yo e nan yon fason ki prezève dwa yo pou viv sou tè yo," daprè yon kominike biwo li te pibliye.
Prezidan Ejipsyen an repete kreyasyon yon eta Palestinyen bò kote Izrayèl se "sèl garanti pou reyalize yon lapè dirab" nan Mwayen Oryan an.
Semenn pase a, pandan li te nan Washington ak Benjamin Netanyahu, prezidan ameriken an te deklare Etazini pral pran "kontwòl" Gaza pou rekonstwi li epi devlope li ekonomikman. Li te pwopoze pou Gazawi yo ta deplase Jòdani oswa Ejip.
Plan Trump lan te pwovoke gwo kontestasyon sou plan entènasyonal epi li te rejte pa Palestinyen yo, Jòdani ak Ejip, ki se pami pi gwo benefisyè èd ameriken an.
Malgre sa, prezidan ameriken an rete konvenki Jòdani ak Ejip ap fini pa aksepte resevwa Palestinyen yo.
"Mwen panse mwen ka fè yon akò ak Jòdani. Mwen panse mwen ka fè yon akò ak Ejip. Nou ba yo milya ak milya dola chak ane," Trump te di.
Lendi, ministè afè etranjè Ejip la te voye jete "nenpòt konpwomi" ki ta ka vyole dwa Palestinyen yo, sitou dwa yo genyen pou "rete sou tè yo," apre yon rankont ant chèf diplomasi Ejipsyen an, Badr Abdelatty, ak tokay ameriken li, Marco Rubio, nan Washington.
- Jean Robert Phillipe
Konseye Sekirite Nasyonal Trump la Defann Plan Prezidan an pou Pran Kontwòl Gaza
Konseye pou Sekirite Nasyonal Etazini an, Mike Waltz, reponn kritik yo yè dimamch la sou plan prezidan Trump sigjere Etazini pran kontwòl teritwa Gaza a.
Trump di Palestinyen yo 'Pap Gen Dwa Tounen Gaza' Anba Plan Ameriken an

Prezidan Etazini Donald Trump di Palestinyen nan Gaza yo pap gen dwa tounen anba plan li genyen pou Etazini "pran kontwol" teritwa sa a ke lagè finn ravaje.
Sa kontredi sa lot responsab administrasyon Trump la ki eseye fè konprann prezidan an tap mande sèlman pou deplase pwovizwaman popilasyon Palestinyen an.
Mwenske yon semèn apre li te pale sou plan li pou Etazini pran kontwol Gaza epi fèl tounen "Kot d Azur Mwayèn Oryan an", Trump te deklare "non yo pap kapab", lè jounalis yo te mande l si Palestinyen Gaza yo ap gen dwa tounen sou teritwa a.
Trump fè komantè sa yo pandan yon entèvyou ak jounalis FOX News Bret Baier, ke rezo televizyon an ap difize Lendi.
Hamas Libere 3 Otaj Izrayelyen an Echanj pou Prizonye Palestinyen

Militan Hamas yo lage 3 otaj Izrayelyen ki mèg kou kaw pandan ke Izrayèl libere 183 prizonye Palestinyen nan 5èm boukantaj ki fèt anba seselfe ki kanpe goumen nan Gaza.
Kondisyon otaj yo ak sèn kote Hamas tap fòse yo pale pandan echanj la soulve kòlè nan Izrayèl.
Sa taka ogmante presyon pou Premye Minis Benjamin Netanyahu pwolonje seselfe a pou plis pase 6 semèn - ki se antant ki egziste kounyea.
Plan Prezidan Ameriken Donald Trump ki fè tout moun sezi pou transfere popilasyon Palestinyèn nan sòti nan Gaza pa sanble afekte faz sa a nan seselfe a.
Sepandan sa taka konplike negosyasyon kap dewoule sou dezyèm faz la ki pral pi difisil.
Facebook Forum