Accessibility links

Breaking News

Premye Edisyon « Tonm Tonm Take Ova » Nan Miami


Tonm
Tonm

Dadas Cuisine Lanse Inisyativ « Tonm Tonm Take Ova » pou mete kilti ayisyen an valè Ozetazini.

Sou lidèchip òganizatris evènman an Darlyne Délice ki se PDG Dada’s Cuisine nan dat 24 mas 2024 la plizyè ayisyen te reyini nan vil Pompano Beach nan Florid pou manje Tonm Tonm.

Tonm
Tonm

Tou de blan, yo te soti tout kote Florida, pou vini Pompano Beach, pou patisipe nan aktivite sa a. Vale oubyen manje TonmTonm, patisipan yo di yo te byen jwi moman sa, ki fè yo raple Ayiti.

Tonm
Tonm

PDG Délice fè konnen li òganize sware a pou li kapab "pèmèt plis moun konnen de Tonm Tonm, non selman Tonm Tonm se yon manje lokal, se yon manje nitrisyonèl, e yon manje ki gen yon pakèt istwa dèyèl."

Nan selebrasyon kiltirèl sa a jounalis VOA Kreyòl nan Florid Luckson Saint-Vil te rankontre ak plizyè lòt pèsonalite ki patisipe nan selebrasyon sila. Nou te gen kòm mèt seremoni jounalis James Pierre ki se tou natif natal Jeremi. Pou jounalis la, sete yon moman ekstraòdinè, pou li sware a mete li nan yon anbyans kote li santi lakay li "Jeremi".

Divès envite espesyal te prezan nan aktivite sa tankou Yole Derose, Maya Fairy ak Anie Alerte .

Tonm
Tonm

Chantèz Anie Alerte pa kache kontantmam l, e di li atache ak tout sak gen rapò ak Ayiti.

Aktivite sa deja fèt nan diferan eta tankou Inndianoplis, New York, Boston, New Jersey.

Tonmtonm Take Ova ,se yon aktivite kap gen pou fèt tou nan Philadelphia, Chicago ak Indianapolis. Dada’s Cuisine jwenn envitasyon pou pote TonmTonm tou nan nan peyi Lafrans ak Kanada.

XS
SM
MD
LG