Accessibility links

Breaking News

OCHA: Ensekirite Pòtoprens Poze Defi pou Operasyon Asistans Imanitè yo


Moun goumen pou plat manje pou pitit yo nan yon abri pou fanmi ki oblije kite kay yo akoz zak vyolans gang yo nan Potoprens, 22 Mas, 2024.
Moun goumen pou plat manje pou pitit yo nan yon abri pou fanmi ki oblije kite kay yo akoz zak vyolans gang yo nan Potoprens, 22 Mas, 2024.

Biwo Nasyonzini pou Kowodinasyon Zafè Imanitè yo, OCHA rapòte ke zak vyolans ak ensekirite a nan kapital Ayisyèn nan Pòtoprens, lakoz yo paka livre asistans pou moun ki nan bezwen yo.

OMS (Oganizasyon Mondyal Lasante) Lanse avètisman pou di mwenske mwatye sant swen sante yo nan kapital la ap fonksyone nòmalman akoz kriz la. OMS di operasyon yo paka dewoule jan yo ta vle e sa koupe aksè ak kèk entalasyon ki ap fonksyone kounyea.

Lopital Bernard Mevs la nan Pòtoprens, ki te fèk sot re-louvri, te oblije sispann opere ankò, akoz ensekirite a, dapre OMS.

OMS di malgre tout defi sa yo, li kontinye apiye Ministè Sante Piblik yo ak patnè lokal yo - ke yap bay pwovizyon epi ede ak lojistik, dlo potab, sanitasyon ak ijèn epi siveyans maladi nan sant pou moun ki kite kay yo.

Yon lòt kote, Pwogram Alimantasyon Mondyal la (PAM) deklare Dimanch li te remèt 17,500 pla cho bay refije yo. UNICEF bò kote pa li ak patnè li yo kontinye dispoze sipò psikolojik ak sosyal pou moun ki enpakte pa evenman ki dewoule an Ayiti yo.

Nan yon nòt pou laprès, OCHA di kominote imanitè a kontinye lanse apèl ak tout fòs li bay tout pati konsène yo pou yo kite moun ki nan bezwen an Ayiti yo gen aksè sen e sof ak asistans.

Korespondan VOA nan Nasyonzuni, Margaret Besheer, kontribye a repòtaj sa a.

XS
SM
MD
LG