Accessibility links

Breaking News

Mwayen Oryan

Blinken Mande Izrayèl pou l Pa Anvayi Rafah

Sekrete Deta Antony Blinken pale ak lapres anvan li pran avyon nan ayeropo entenasyonal Ben Gurion nan nan Tel Aviv, Izrayel, 22 Mas, 2024.
Sekrete Deta Antony Blinken pale ak lapres anvan li pran avyon nan ayeropo entenasyonal Ben Gurion nan nan Tel Aviv, Izrayel, 22 Mas, 2024.

Sekretè Deta Antony Blinken mande Izrayèl ankò pou l pa lanse envazyon li pwomèt pou l fè nan vil Rafah nan Gaza.

Blinken di jounalis yo Vandredi ke Etazini pataje objektif Izrayèl genyen poul ranpòte la viktwa sou Hamas. Men li di operasyon terès la se pa yon bon fason pou fè l.

"Nou pataje objektif Izrayèl genyen pou l ranpòte la viktwa sou Hamas, ki responsab pou masak pi terib pèp Juif la depi Holokòs la. E nou pataje objektif ki mande pou asire sekirite Izrayèl a lon tèrm. Men yon gwo operasyon militè nan Rafah se pa fason pou fèl. Li riske touye plis sivil. Li riske kreye plis dezòd nan asistans imanitè a. Li riske izole Izrayèl pi plis toupatou nan mond lan epi mete an danje sekirite li a lon tèm ak repitasyon li nan mond lan.”

Blinken te pale apre yon rankont ak Premye Minis Benjamin Netanyahu, ki di Izrayèl pran angajman pou l pouse pou pi devan ak operasyon Rafah a.

" Mwen di l nou rekonèt bezwen pou evakye popilasyon sivil la nan zòn de gè yo e byen antandi repònn bezwen imanitè yo e nap travay sou sa. Men m di l tou ke nou pa gen okenn mwayen pou n ranpòte la viktwa sou Hamas san nou pa antre Rafah epi elimine rès batayon yo. E mwen di l mwen espere nap fe l ak sipò Etazini men si nou dew fel poukont nou nap fel. "

Blinken ap fe 6em vwayaj li nan Mwayen Oryan an depi lage Izrayèl Hamas la te tanmwen nan mwad Oktòb 2023.

Pi fò vwayaj li te konsantre sou jefò pou jwenn yon seselfe pou ogmante kantite asistans imanite kap antre nan zòn lagè a nan Gaza.

Blinken di gen travay ki rete pou fèt anvan yo antann yo sou yon seselfe.

See all News Updates of the Day

Hamas Libere 3 Otaj Izrayelyen an Echanj pou Prizonye Palestinyen

Otaj Izrayelyen Ohad Ben Ami, Eli Sharabi ak Or Levi ke Hamas kenbe nan Gaza depi 7 Oktob 2023 anvan militan yo remet yo bay Lakwawouj nan Gaza, 8 Fevriye 2025.
Otaj Izrayelyen Ohad Ben Ami, Eli Sharabi ak Or Levi ke Hamas kenbe nan Gaza depi 7 Oktob 2023 anvan militan yo remet yo bay Lakwawouj nan Gaza, 8 Fevriye 2025.

Militan Hamas yo lage 3 otaj Izrayelyen ki mèg kou kaw pandan ke Izrayèl libere 183 prizonye Palestinyen nan 5èm boukantaj ki fèt anba seselfe ki kanpe goumen nan Gaza.

Kondisyon otaj yo ak sèn kote Hamas tap fòse yo pale pandan echanj la soulve kòlè nan Izrayèl.

Sa taka ogmante presyon pou Premye Minis Benjamin Netanyahu pwolonje seselfe a pou plis pase 6 semèn - ki se antant ki egziste kounyea.

Plan Prezidan Ameriken Donald Trump ki fè tout moun sezi pou transfere popilasyon Palestinyèn nan sòti nan Gaza pa sanble afekte faz sa a nan seselfe a.

Sepandan sa taka konplike negosyasyon kap dewoule sou dezyèm faz la ki pral pi difisil.

Washington Anonse Li Vann Izrayèl Zam Ki Vo Plis Pase $7 milya

NRA annual meetings held in Texas
NRA annual meetings held in Texas

Lèzetazini anonse vandredi 7 freviye ke li te apwouve lavant bonm, minisyon ak misil ki vo yon total de$ 7.4 milya ke yo bay Izrayèl, ki te itilize zam Ameriken nan lagè nan Gaza.

Akò zam yo gen ladann lavant bonm, wokèt ki vo $6.75 milya, ansanm ak misil Hellfire ki vo $660 milyon, dapre sa Ajans Koperasyon Sekirite Defans Ameriken an te di.

Trump: Se Izrayèl Ki Pral "Remèt" Etazini Gaza Yon Fwa Lagè a Fini

Palestinians walk past the rubble of buildings destroyed during the Israeli offensive, on a rainy day in Gaza City amid a ceasefire between Israel and Hamas, Feb. 6, 2025.
Palestinians walk past the rubble of buildings destroyed during the Israeli offensive, on a rainy day in Gaza City amid a ceasefire between Israel and Hamas, Feb. 6, 2025.

Sou Truth Social Prezidan Ameriken an ekri "Nou p ap gen bezwen pou okenn sòlda Ameriken! pral gen estabilite nan rejyon an !!!"

Prezidan Repibliken an te di ke " se Izrayèl ki pral remèt Etazini bann Gaza , lè yo fini ak batay la," e li ajoute ke lè sa a, Palestinyen "pral deja ale nan kominote ki pi an sekirite ak pi bèl ak nouvo kay modèn nan zòn nan."

"Etazini, ap travay ak gwo ekip ki bon nan devlopman imobilye atravè mond lan, pou kòmanse bati sa ki ta youn nan pi bèl pwojè imobilye sou planèt la" .

Prezidan Donald Trump te lakòz yon gwo pale anpil nan kominote entènasyonal la apre deklarasyon li te fè Madi pase a kote li te anonse, an prezans Premye Minis Izrayelyen an Benjamin Netanyahu pandan vizit li Washington, ke Etazini pral pran "kontwòl alontèm" Bann Gaza a.

Trump Di Etazini Ap Pran Kontwòl Gaza
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:28 0:00

"Nou pral fè yon bon travay. Nou pral pran posesyon li,"se sa li te di nan yon konferans pou laprès.

Li pa t presize ki kote egzakteman Palestinyen yo pral relokalize, oswa ki moun ki ta evantyèlman viv Gaza apre rekonstriksyon li.

Trump Di Etazini Ap Pran Kontwòl Gaza

Trump Di Etazini Ap Pran Kontwòl Gaza
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:28 0:00

Prezidan Donald Trump deklare li vle Etazini pran kontwòl Gaza. Yon deklarasyon ki ale pi lwen pase sa li te di anvan pou fòse moun Gaza yo deplase pou ale nan peyi vwazen tankou Jòdani ak Lejip.

Gaza "se pou Palestinyen yo", Berlin Reponn Deklarasyon Trump yo

German Foreign Minister Annalena Baerbock comments on the situation in Syria, in Berlin
German Foreign Minister Annalena Baerbock comments on the situation in Syria, in Berlin

Bann Gaza "se pou Palestinyen yo" e li dwe, menm jan ak Sijòdani e Jerizalèm Ès, fè pati "Leta Palestinyen dwe genyen nan lavni an", se sa minis Afè etranjè Almay la te reponn mèkredi sou deklarasyon Donald Trump fè pou l di Etazini ta kapab pran kontwòl Gaza.

"Yo pa dwe mete popilasyon sivil Gaza a deyò, e Gaza pa dwe okipe pandan lontan oswa kolonize ankò," se sa Annalena Baerbock deklare nan yon kominike.

Load more

XS
SM
MD
LG