Accessibility links

Breaking News

Texas: Kou Siprèm Etazini Dakò pou Nouvo Lwa Pou Arete Migran Ki Antre Ilegal yo Antre An Vigè


Supreme Court Migrant Arrests Texas
Supreme Court Migrant Arrests Texas

Yon kou dapèl federal bay, ayè madi a, yon lòd ankò ki anpeche Texas arete migran ke otorite yo sispèk kòmkwa yo te antre Etazini ilegalman, kèk èd tan apre Kou Siprèm Etazini te dakò pou nouvo lwa imigrasyon estrik la antre an vigè.

Anvan sa ayè madi a yon Kou Siprèm divize te pèmèt Texas fè respekte yon lwa ki bay lapolis anpil pouvwa pou arete migran ke otorite yo sispèk kòmkwa yo te janbe fwontyè ilegalman, pandan batay ap kontinye sou dezisyon sa a.

Men kounyea yon kou dapèl federal pase lòd pou kanpe sou aplikasyon lwa pou arete migran sa yo.

XS
SM
MD
LG