Accessibility links

Breaking News

Depatman Deta: Etazini Pral Eseye Ranmase Plis Sipò pou Misyon Sekirite Ayiti a nan Rankont CARICOM nan

Sekretè d Eta Adjwen Etazini pou Zafè Emisfè Oksidantal yo Brian Nichols nan yon entevyou ak VOA Espayol, 22 Sept. 2022 nan Nouyok.
Sekretè d Eta Adjwen Etazini pou Zafè Emisfè Oksidantal yo Brian Nichols nan yon entevyou ak VOA Espayol, 22 Sept. 2022 nan Nouyok.

Responsab Depatman d Eta Brian Nichols deklare Vandredi ke Etazini pral eseye ranmase plis sipò pou misyon sekirite pou Ayiti a pandan rankont o some Kominote Karayibeyen an, CARICOM ki pral dewoule nan Guyana.

Nichols ajoute ke Anbasadris Ameriken nan LONU, Linda Thomas-Greenfield, pral "reitere ijans ki egziste pou tabli yon chimen kredib ak enklisiv pou oganize eleksyon" an Ayiti. Kenye ofri pou l dirije misyon an, malgre li gen plizye defi pou leve nan tribinal.

Thomas-Greenfield pral tankontre tou, Prezidan Guayana a, Irfaan Ali pandan vizit li, dapre sa Nichols di nan yon mesaj li pibliye sou rezo sosyal X.

This item is part of
XS
SM
MD
LG