Accessibility links

Breaking News

Ameriken Toupatou Ozetazini Rapòte Pwoblèm ak Sèvis Selilè yo


Foto Achiv: Yon moun sevi ak yon telefon entelijan nan Nouvel Orleyan, 11 Out, 2019.
Foto Achiv: Yon moun sevi ak yon telefon entelijan nan Nouvel Orleyan, 11 Out, 2019.

Yon pakèt Ameriken ap fè fas ak pwoblèm sèvis selilè konpayi AT&T, Cricket Wireless, Verizon, T-Mobile ak lòt konpayi ankò, dapre done rezo Downdetector pibliye.

AT&T rapote plis pase 58,000 kliyan ki pat gen sèvis selilè nan mitan jounen an, nan vil tankou Houston, Atlanta ak Chicago.

Cricket Wireless te rapote plis pase 9,000 kliyan te afekte, dapre Downdetector, ki trake kalite pwoblèm sa yo.

Se AT&T ki te gen pi gwo pwoblèm yo e li fè konnen lap travay pou restore sèvis selilè pou tout kliyan li yo.

XS
SM
MD
LG