Accessibility links

Breaking News

Mwayen Oryan

Fòs Izrayelyen yo Atake pi Gwo Lopital Nan Gaza a

KHAN YOUNIS, Gaza Strip (AP) — Fòs Izrayelyen yo ap atake pi gwo lopital Gaza a, kote plizyè santèn pasyan, pami yo tibebe ki fèk fèt, te andan lopital la. Pandansetan, pwovizyon yo ap diminye nan lopital la, epi pa gen elektrisite.

Atak Mèkredi a nan lopital Shifa a te rive pandan lame a ap kontinye mentni kontwòl li atravè zòn nò Gaza.

Izrayèl akize Hamas deske l ap sèvi ak Palestinyen yo kòm boukliye, pandan gen gwoup Palestinyen kap di Izrayèl mete lavi sivil yo an danje.

See all News Updates of the Day

Gaza: Izrayèl Bay Lòd pou Palestinyen yo Evakye Pandan Yap Kontinye Batay yo, Men yo Pa Gen Kote ki an Sekirite Pou Yo Ale Chèche Refij

Palestinians inspect a house destroyed in an Israeli strike, in Khan Younis
Palestinians inspect a house destroyed in an Israeli strike, in Khan Younis

KHAN YOUNIS, Gaza Strip (AP) — Lame Izrayèl la renouvle apèl pou mande sitwayen ki ap viv nan vil Khan Younis nan sid Gaza pou yo evakye, pandan li ogmante atak atè ak bonbadman toupatou nan Gaza.

Dè dizèn milye Palestinyen ki te deplase kite kay yo te ale refijye nan vil la nan semèn ki sot pase yo.

Operasyon yo laji apre yon kanpo ki te dire yon semèn.

Sa Izrayèl vize se elimine chèf Hamas yo nan Gaza, ki te lanse atak 7 oktòb la, atak ki te fè plis san koule nan vyolans ant Izrayèl ak Palestinyen depi dè dizèn lane.

Lagè sa deja lakoz lanmò dè milye Palestinyen ak deplasman ¾ nan popilasyon teritwa a ki gen 2.3 milyon moun ki pa gen kote pou yo ale cheche refij an sekirite.

'Yo te Byen Oganize' - Yon Suvivan Atak Hamas 7 Oktòb la Kapte Militan yo sou Kamera Sekirite li

'Yo te Byen Oganize' - Yon Suvivan Juif Atak Hamas 7 Oktob la Kapte Militan yo sou Kamera Sekirite li
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:53 0:00

Associated Press te akonpaye Eyal Barat sa pa gen lontan, nan moman li tap tounen lakay li nan Nir Oz pou premye fwa depi plis pase 100 militan Hamas te atake kibbutz kote li tap viv la epi pati ak 80 pami 400 rezidan yo.

Moun Nir Oz yo konpoze yon tyè 240 otaj Hamas kenbe nan Gaza yo - e yo reprezante preske mwatye moun ki jwenn liberasyon yo nan yon seri boukantay otaj.

Barat montre jounalis AP kay bo paran yo, kote nèg ak zam te touye bo pè li pandan li tap eseye pwoteje madanm ni, ki soti vivan.

Barat te gen yon pèspektiv unik atak Hamas yo ak kidnapping yo nan Nir Oz 7 Oktòb la.

"Yo te byen oganize, yo te egzekite ak presizyon li te klè ke tout moun te konnen kisa pou yo fè e yo vinn isit la pou egzekite plan an."

Kèk mwa anvan atak la, enjenyè a te brikole pwòp kamera sekirite pa li bò lakay li pou veye moun ki tap pase byen vit nan katye a kote timoun konn monte bisiklèt yo. Se menm kamera sa a ki te avèti l bonè 7 Oktòb la pou l kenbe fanmi li nan yon chanm espesyal pou kache nan ka danje. Li te suiv sou telefòn li pandan yon kamyon chaje ak neg ame te pull up sou yo. Men pitit fi li ki gen 6 zan e ki soufri ak maladi otism pat konprann lavi yo te depann sou silans yo.

Anplis misye te gen madanm ni ak 2 lòt timoun. Pitit fi li te komanse rele e Barat di li te oblije kouvri bouch li pou pwoteje yo.

Moun Hamas sezi nan kibbutz la te gen ant 10 mwa ak 85 an. Tout te sivil. Plis pase mwatye te fanm ak timoun. 20 sitwayen mouri.

Militan yo pa antre lakay Barat.

Fanmi li te an sekirite, nan fè nwè, pandan plizyè hè'd tan.

Gras ak kamera sekirite a, Barat ak madanm ni te ka wè yon motosiklèt pwoche - 2 nèg desann epi rejwenn yon twazyèm ki pwoche bò kote yon kay an fas.

Yon nèg rete ak moto a, lòt la pwente zam li kont yon fenèt epi rale yon fanm soti nan bilding nan. Yo mete l sou moto a, kouvri l ak yon dra blan epi pati.

Misye di li te fè foto paske se tout sa li te ka fè.

"Mwen wè yo trennen l deyò epi pran li. Mwen te vle fè kichòy men pat gen anyen mwen te ka fè eksepte sa m fè - pran foto ak telefòn mwen - screenshot epi voye bay moun andeyò ki pa rete nan kibbutz la. Konsa omwens si yon bagay pase m oubyen telefòn mwen omwens moun va konnen kisak te rive dam nan."

Danielle Gilbert, yon pwofesè syans politik nan Northwestern University ki fè rechèch sou otaj, di Hamas ak lot gwoup ame konn sèvi ak moun sa yo kòm boukliye imen - oubyen pou negosye yon boukantay.

"Le fèt ke yo pran timoun, fanm ak granmoun pa nomal - yo se otaj vilnerab - se yon depa ak sa Hamas konn fè nòmalman, ak sa gwoup ame yo konn fè - men kanmenm yo te boukante moun sa yo - ki se abitud yo."

Pwofesè Gilbert presize ek nomalman gwoup ame yo konn pran gason adult kòm otaj.

Abitan Deplase Gaza yo di Yap Viv Ant Lavi ak Lanmò

Abitan Deplase Gaza yo di Yap Viv Ant Lavi ak Lanmò
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:42 0:00

Palestinyen ki kouri kite kay yo akoz atak Izrayelyen yo di yap viv ant lavi ak lanmò - yo paka jwenn manje, yap dòmi sou twotwa epi yo pa gen akse ak pwodui premye nesesite yo.

ONG Kap Opere nan Gaza Mande Izrayèl pou l Evite Lanse Atak ki Mete Lavi Sivil yo an Danje

ONG Kap Opere nan Gaza Mande Izrayèl pou l Evite Lanse Atak ki Mete Lavi Sivil yo an Danje
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:40 0:00

Nan moman Izrayèl ap re-entansifye atak li yo kont Hamas nan Gaza, oganizasyon entènasyonal kap opere nan zon nan lanse apèl pou evite sible sivil inosan.

Guterres Eksprime Kè Sote li pou Sivil yo nan Gaza

 Guterres Eksprime Kè Sote li pou Sivil yo nan Gaza
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:53 0:00

Sekretè Jeneral Nasyonzuni an eksprime gwo kè sote li genyen pou sivil ki toujou nan Gaza nan moman atak ant Izrayèl ak Hamas yo ap repran fos.

Load more

XS
SM
MD
LG