Accessibility links

Breaking News

Repiblik Dominikèn Ranfòse Sekirite sou Fwontyè li ak Ayiti


Foto Achiv: Moun Juana Mendez sou bo Ayisyen fwontye a tann pou travese antre Dajabon, Repiblik Dominiken, 11 Oktob, 2023.
Foto Achiv: Moun Juana Mendez sou bo Ayisyen fwontye a tann pou travese antre Dajabon, Repiblik Dominiken, 11 Oktob, 2023.

Repiblik Dominikèn deklare Madi li pral ranfòse sekirite li sou fwontyè nò li ak Ayiti apre yon ensidan li dekri tankou yon "pwovokasyon" kote li di yon gwoup Ayisyen te antre sou teritwa Dominiken epi entèfere ak yon patwouy lame a.

Pòt pawòl gouvènman Dominiken an Homero Figueroa deklare nan yon mesaj li pibliye sou platfòm X la ke erezman sitiyasyon an pat vin pi chofe men ke lame pral pran- kòm mezi prevansyon - ogmante kantite solda ak veyikil li genyen kap fè patwouy nan zòn nan.

Figueroa deklare: "Sityasyon an sanble se rezilta yon malantandi bò kote sitwayen Ayisyen yo pa rapò ak limit fwontyè ki separe 2 peyi yo.

Misye ajoute ke Lame Dominikèn nan gen "tout otorite pou l fè patwouy nan rejyon sa a."

2 Veyikil Militè Dominiken Debake nan Zòn Kanal Wanament la epi Brake Zam sou Ayisyen
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:01 0:00

Laprès Ayisyèn poze kesyon sou pozisyon gouvènman Dominiken an.

Yo rapòte se solda Dominiken ki travèse fwontyè a epi antre Ayiti epi apre sa pwente zam sou popilasyon an.

Videyo ki pa verifye ke moun pataje sou rezo sosyal yo montre yon elikoptè ap fè vire won sou fwontyè a pandan ke Ayisyen ak solda Dominiken yo te kanpe bò kote yon miray ki sou fwontyè a kote yon kawotchou tap boule.

Figueroa deklare: "Gouvènman Dominiken an konsidere zak sa a tankou yon pwovokasyon ki gen kòm bi pou koze yon konfli ak konsekans pèsonn paka predi."

Pòt pawòl gouvènman Ayisyen an, Jean-Junior Joseph deklare minis afè etranje 2 peyi yo pale e yo dakò yo dwe fè tout sak posib pou kalme sitiyasyon an.

Joseph deklare: "Nou prefere pran chimen dyalòg ak konsiltasyon an."

Pandan mwa ki pase yo, Sen Domeng te ranfòse sekirite a sou fwontyè li ak Ayiti epi depòte migran Ayisyen.

Pandansetan, zak vyolans gang yo vinn pi grav an Ayiti.

Nan mitan mwa Septanm nan, Repiblik Dominikèn te fèmen konplètman fwontyè li yo akoz konstriksyon kanal Wanament la, ki sitye sou Rivyè Masak la ke 2 peyi yo pataje.

Sa pa gen lontan, otorite Dominiken yo te konstwi yon miray sou bò pa yo nan fwontyè ak Ayiti a epi kite yon bout teren a lwès kote militè yo ka fè patwouy.

Sa debouche sou plizyè mezantant pa rapò ak ki kote egzakteman fwontyè a sitiye.

Biden Rankontre Abinader nan LaMezon Blanch
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:08 0:00

Ensidan Madi a rive kèk jou apre Prezidan Dominiken an, Luis Abinader, te rankontre Prezidan Etazini Joe Biden nan Lamezonblanch, kote yo te diskite sou ensekirite a an Ayiti.

XS
SM
MD
LG