Accessibility links

Breaking News

PNH la Mete " Sniper" Anba Kòd


Lapolis mete anba kòd Arcus Jhonny Cadestin " Sniper"
Lapolis mete anba kòd Arcus Jhonny Cadestin " Sniper"

Polis Nasyonal Ayiti arete Arcus Jhonny Cadestin ke tout moun nan medya sosyal yo konnen sou non" Sniper".

Sitwayen ayiswyen an te fè tèt pase depi plizyè mwa pou polisye nan Polis Nasyonal Ayiti kote li te patisipe nan plizyè operasyon konn gang yo.

Dapre PNH, plizyè deklarasyon Sniper te mete lavi popilasyon an an danje.

Li te konn itilize videyo li pibliye sou rezo sosyal yo pou devwale tatik ak fason fòs espesyalize lapolis la travay, e li te lanse akizasyon kont wo kòmandman lapolis la nan video li yo ki anpeche fòs lapolis la atake bandi yo.

Arcus Jhonny Cadestin, alyas Sniper, jwenn arestasyon l jedi 12 oktòb 2023 nan ayewopò entènasyonal Toussaint Louverture nan Pòtoprens.

XS
SM
MD
LG