Mwayen Oryan
Izrael Bonbade Rejyon Gaza Kote li Mande Sivil yo al Pran Refij

Izrael bonbade kèk rejyon nan sid Gaza kote li te di Palestinyen yo al pran refij anvan envazyon terès lap planifye a. Plizyè douzèn moun mouri.
Atak yo Madi, vini nan moman medyatè yo tap redi pou rezoud yon enpas sou livrezon asistans pou dè milyon sivil kap vinn de plizanpli dezespere nan teritwa a.
Gaza anba syèj e li sibi yon pakèt atak Izraelyen depi atak brital militan Hamas yo te lanse 7 Oktòb la.
Moun ki blese nan atak ayeryen yo kouri lopital apre gwo zam fann fwa te vize vil Rafah ak Khan Younis nan sid la.
Responsab wo plase gwoup Hamas la ki rele Basem Naim rapòte gen 27 moun ki mouri nan Rafah epi 30 ki mouri nan Khan Younis.
See all News Updates of the Day
Hamas Libere 3 Otaj Izrayelyen an Echanj pou Prizonye Palestinyen

Militan Hamas yo lage 3 otaj Izrayelyen ki mèg kou kaw pandan ke Izrayèl libere 183 prizonye Palestinyen nan 5èm boukantaj ki fèt anba seselfe ki kanpe goumen nan Gaza.
Kondisyon otaj yo ak sèn kote Hamas tap fòse yo pale pandan echanj la soulve kòlè nan Izrayèl.
Sa taka ogmante presyon pou Premye Minis Benjamin Netanyahu pwolonje seselfe a pou plis pase 6 semèn - ki se antant ki egziste kounyea.
Plan Prezidan Ameriken Donald Trump ki fè tout moun sezi pou transfere popilasyon Palestinyèn nan sòti nan Gaza pa sanble afekte faz sa a nan seselfe a.
Sepandan sa taka konplike negosyasyon kap dewoule sou dezyèm faz la ki pral pi difisil.
Washington Anonse Li Vann Izrayèl Zam Ki Vo Plis Pase $7 milya

Lèzetazini anonse vandredi 7 freviye ke li te apwouve lavant bonm, minisyon ak misil ki vo yon total de$ 7.4 milya ke yo bay Izrayèl, ki te itilize zam Ameriken nan lagè nan Gaza.
Akò zam yo gen ladann lavant bonm, wokèt ki vo $6.75 milya, ansanm ak misil Hellfire ki vo $660 milyon, dapre sa Ajans Koperasyon Sekirite Defans Ameriken an te di.
Trump: Se Izrayèl Ki Pral "Remèt" Etazini Gaza Yon Fwa Lagè a Fini

Sou Truth Social Prezidan Ameriken an ekri "Nou p ap gen bezwen pou okenn sòlda Ameriken! pral gen estabilite nan rejyon an !!!"
Prezidan Repibliken an te di ke " se Izrayèl ki pral remèt Etazini bann Gaza , lè yo fini ak batay la," e li ajoute ke lè sa a, Palestinyen "pral deja ale nan kominote ki pi an sekirite ak pi bèl ak nouvo kay modèn nan zòn nan."
"Etazini, ap travay ak gwo ekip ki bon nan devlopman imobilye atravè mond lan, pou kòmanse bati sa ki ta youn nan pi bèl pwojè imobilye sou planèt la" .
Prezidan Donald Trump te lakòz yon gwo pale anpil nan kominote entènasyonal la apre deklarasyon li te fè Madi pase a kote li te anonse, an prezans Premye Minis Izrayelyen an Benjamin Netanyahu pandan vizit li Washington, ke Etazini pral pran "kontwòl alontèm" Bann Gaza a.
"Nou pral fè yon bon travay. Nou pral pran posesyon li,"se sa li te di nan yon konferans pou laprès.
Li pa t presize ki kote egzakteman Palestinyen yo pral relokalize, oswa ki moun ki ta evantyèlman viv Gaza apre rekonstriksyon li.
Trump Di Etazini Ap Pran Kontwòl Gaza
Prezidan Donald Trump deklare li vle Etazini pran kontwòl Gaza. Yon deklarasyon ki ale pi lwen pase sa li te di anvan pou fòse moun Gaza yo deplase pou ale nan peyi vwazen tankou Jòdani ak Lejip.
Gaza "se pou Palestinyen yo", Berlin Reponn Deklarasyon Trump yo

Bann Gaza "se pou Palestinyen yo" e li dwe, menm jan ak Sijòdani e Jerizalèm Ès, fè pati "Leta Palestinyen dwe genyen nan lavni an", se sa minis Afè etranjè Almay la te reponn mèkredi sou deklarasyon Donald Trump fè pou l di Etazini ta kapab pran kontwòl Gaza.
"Yo pa dwe mete popilasyon sivil Gaza a deyò, e Gaza pa dwe okipe pandan lontan oswa kolonize ankò," se sa Annalena Baerbock deklare nan yon kominike.
Facebook Forum