Accessibility links

Breaking News

Ouvèti Somè G20 An


India G20
India G20

Prezidan Etazini Joe Biden mete tèt pou ale nan somè G20-an nan peyi End, ak gwo objektif e ak gwo espwa ke Gwoup 20 nasyon ki pi rich yo ka travay ak nasyon an devlopman yo sou gwo pwoblèm mondyal yo.

Mezon Blanch te di madi a – pandan pawòl ap pale sou sante li apre premyè dam Jill Biden te teste pozitif pou Covid-19 nan jou anvan an.

Konseye pou sekirite nasyonal Jake Sullivan di administrasyon an pwal santre atansyon sou pwoblèm tankou chanjman klima, efò pou restriktire dèt yo, ak lagè Ikrèn nan. Woumble a ap tanmen samdi sa a nan kapital End la New Delhi.

Sullivan di, **Nou espere somè G20 an pwal moutre ke gran ekonomi mondyal yo ka travay ansanm menm nan epòk ki chaje ak defi yo. Lè nou ale New Delhi, nou pwal konsantre sou èd pou peyi an devlopman yo, pwogrè pou nou fè sou prensipal priyorite yo pou pèp ameriken an, soti nan klima a pou rive nan teknoloji, e sou moutre angajman nou nan G20 nan yon fowòm ki ka – tankou m te di deja – pèmèt nou fè sa.**

Kèk analis di absans 2 lidè kle – ki se Prezidan ris Vladimir Putin ak Prezidan chinwa Xi Jinping – pwal gen efè sou somè a, espesyalman nan sa ki konsènen pi gwo defi yo ki devan òganizatè somè a, Premye-minis endyen Narendra Modi. --

XS
SM
MD
LG