Accessibility links

Breaking News

CEDEAO di yo Sezi Tande Akizasyon “gwo trayizon” ke Jent yo Mete sou Ansyen Prezidan Mohamed Bazoum

모하메드 바줌 니제르 대통령
모하메드 바줌 니제르 대통령

Dirijan yo nan blòk ekonomik afriken CEDEAO di yo sezi tande akizasyon “gwo trayizon” ke lidè militè yo mete sou presidan depoze Mohamed Bazoum. Si li jwenn kondanasyon anba akizasyon sa a, li ka jwenn pèn lanmò.

Nan yon kominike lendi a, blòk rejyonal la kalifye akizasyon “gwo trayizon” ke yo lage sou Prezidan Mohamed Bazoum-nan kòm yon pwovokasyon, e li di sa kontredi dènye deklarasyon panzouyis yo ki te di yo anvi chache yon solisyon pasifik.

Pandan l ap mande pou lage prezidan an epi remete l nan pouvwa a touswit, CEDEAO ensiste ke Bazoum rete lidè lejitim peyi a.

Pòtpawòl jent militè a nan Nijè, kolonèl-majò Amadou Abdramane te anonse akizasyon kont Bazoum nan dimanch nan yon diskou ki te pase sou televizyon. Li di Bazoum te minen sekirite andan kou deyò Nijè, e ke li t ap kominike ak politisyen wo-plase nan rejyon an ki, dapre Abdramane, ap chache gate yon rezolisyon pasifik pou kriz NIjè a, pou yo ka jistifye yon envazyon militè. Plan pou jije Bazoum pou trayizon an vini kèk èd-tan apre panzouyis yo te fin dakò pou fè chita-koze ak CEDEAO.

This item is part of
XS
SM
MD
LG