Accessibility links

Breaking News

Intel Anile yon Kontra pou $5,4 Milya Akoz Lachin Pa Bay Konsantman l


Foto Achiv: Logo Intel la devan katye jeneral konpay teknoloji a nan Santa Clara, Kalifoni, 12 Janvye, 2011.

Konpayi teknoloji Ameriken Intel ap anile yon kontra ki vo $5,4 milya pou achte konpayi Israelyen Tower Semiconductor, ki fabrike pus enfomatik. Intel pran desizyon sa a apre Lachin pat siyen antant la akoz relasyon li ak Etazini deteryore.

Ni Intel, ni Tower di yo tou le 2 dakò pou anile kontra a.

Intel esplike ke li deside vag sou antant la paske li pa resevwa apwobasyon regilatwa ki nesese pou l ka achte konpayi an. Li ajoute li pral peye Tower $353 milyon akoz li vag sou antant la.

Kontra a te egzije pou plizye jurisdiksyon bay konsantman yo, men Lachin pat janm apwouve kontra a anvan dat limit la.

Relasyon ant Lachin ak Etazini deteryore anpil nan mwa ki pase yo apre administrasyon Biden nan te ogmante kontwòl li sou pwodui li ekspòte. Mezi sa yo gen kòm bi pou limite kapasite Lachin genyen pou l achte ak fabrike pus enfòmatik ki itilize teknoloji avanse.

XS
SM
MD
LG