Accessibility links

Breaking News

Depatman Deta di li 'O Kouran' Kidnapping 2 Sitwayen Ameriken an Ayiti


Foto Achiv: Pot pawol Depatman Deta Matthew Miller reponn kestyon pandan yon konferans pou lapres nan Washington, 18 Jiye, 2023.
Foto Achiv: Pot pawol Depatman Deta Matthew Miller reponn kestyon pandan yon konferans pou lapres nan Washington, 18 Jiye, 2023.

Pòt pawòl Depatman Deta a, Matt Miller fè konnen yo "o kouran" de rapo ki di gen 2 sitwayen Ameriken yo kidnape an Ayiti.

Li ajoute sekirite sitwayen Ameriken ki an Ayiti se youn nan pi gwo priyorite Depatman Deta a.

Pòt pawòl la di responsab yo an kontak "regilyèman" ak otorite Ayisyen yo. "Nou kontinye travay ak yo epi gouvenman Ameriken an, ak patnè nou yo paske se yon ankèt ke lapolis ap mennen." Miller di li pa gen okenn lòt detay pou l ofri.

Le jounalis yo mande si se ke Depatman Deta pa konnen kiyès ki kidnape sitwayen Ameriken yo oubyen si yo konnen men yo pap di, li derefize fè kòmantè. Li di li paka bay okenn detay sou krim nan.

Korespondant VOA nan Depatman Deta, Nike Ching, kontribye a repotaj sa a

XS
SM
MD
LG