Accessibility links

Breaking News

Etazini: Enflasyon an Desann nan 3%


Afich ki di yap chache anplwaye devan yon restoran nan Rolling Meadows, eta Ilinwa, 20 Janvye 2023.
Afich ki di yap chache anplwaye devan yon restoran nan Rolling Meadows, eta Ilinwa, 20 Janvye 2023.

Enflasyon nan Etazini desann pou rive nan 3 pousan pou ane a nan mwa Jen pase, dapre chif ki soti nan Depatman Travay mèkredi, yon siy ki moutre ke efò Rezèv Federal la pou kontwole pri pwodui yo ki t ap moute disèt wotè, bay bon rezilta.

Rapò a jwenn yon pi gwo bès ke sa ekspè yo te atann ant mwa Me ak Jen. Enflasyon pou ane a te pèdi 1 pousan, soti nan 4 pousan pou rive nan 3 pousan sa gen yon mwa, e desann byen ba apre 9 pousan ki t ap bay konsomatè yo anpil pwoblèm nan sezon eta pase a la a.

Dirijan federal ki ap bati politik yo ta vle enflasyon an desann nan 2 pousan, kidonk gen travay ki rete toujou. Men analis yo wè rapò mèkredi a kòm bon nouvèl.

XS
SM
MD
LG