Accessibility links

Breaking News

Twitter Menase Pou Pran Aksyon Legal kont Meta Akoz App Threads la


Nouvo app Threads Meta a sou yon telefon entelijan, 6 Jiye, 2023.
Nouvo app Threads Meta a sou yon telefon entelijan, 6 Jiye, 2023.

Twitter menase pou l pran aksyon legal kont Meta akoz nouvo app teks mesaj li ki rele Threads.

App la ki vinn disponib sou mache semen sa a vize taye zeb anba pye rezo sosyal rival li a Twitter, ki milyade Elon Musk achte. Threads deja atire plizye dizen milyon itilizate.

Nan yon let li voye bay PDG Meta a Mark Zuckerberg Mekredi, yon avoka kap travay pou Twitter akize Meta deske li vyole lwa peyi a le li sevi ak sekre komesyal Twitter ak lot pwopriyete entelektyel - apre li anplwaye ansyen anplwaye Twitter pou kreye yon app kopyado.

Mezi sa a ogmante tansyon ant titan rezo sosyal yo nan moman Threads vize moun kap chache alternativ pou Twitter ki vinn pedi popilarite akoz paket chanjman Musk fe sou platfom nan.

Yon pot pawol Meta ekri pou di pa gen okenn moun ki fe pati ekip enjenye Threads la ki se yon ansyen anplwaye Twitter.

XS
SM
MD
LG