Accessibility links

Breaking News

Ka Malarya nan Texas ak Florid Se Premye Etazini Konstate Depi 2003


Foto Achiv: yon mayengwen sou bra yon moun.
Foto Achiv: yon mayengwen sou bra yon moun.

Gen 5 ka malarya ke yo detekte Ozetazini pandan 2 mwa ki pase yo. Sa make premye fwa maladi a pwopaje Ozetazini depi 20 an.

Sant Kontwòl ak Prevansyon Maladi a, CDC, deklare gen 4 ka ke yo detekte nan Florid epi youn nan Texas.

Moun ki enfekte ak malarya ka santi lafyèv, frison, ak sentom ki sanble anpil ak grip.

Yo ka devlope tou, konplikasyon sevè epi mouri si yo pa resevwa tretman.

Otorite lasante yo lanse avètisman bay doktè yo, sitou nan eta ki sitye nan sid Etazini - pou yo rete vijilan pa rapò ak posibilite enfeksyon epi reflechi sou kijan yo ka jwenn aksè ak premye tretman pou ka sevè malarya Ozetazini.

XS
SM
MD
LG