Accessibility links

Breaking News

Ti Jako ki Tap Chante Ede Otorite Ayewopò Ameriken Jwenn yon Sak Kontrebann


Yon pe jako Amazonyen nan Fondasyon Konsevatwa Espes Ra a nan Loxahatchee, Florid, 19 Me 2023.
Yon pe jako Amazonyen nan Fondasyon Konsevatwa Espes Ra a nan Loxahatchee, Florid, 19 Me 2023.

24 ti bebe jako tap chante epi vire gade moun ki pwoche bò kote kaj kote yo abite depi yo sòti nan ze yo nan mwad Mas la.

Jako yo soti nan Amerik Santral, e otorite Ameriken yo sezi yo nan men yon kontrebandye nan ayeropò entènasyonal Miami a nan mwad Mas la.

Se Fondasyon Konsevatwa Espès Ra yo kap elve yo.

Se gras ak bwi ti jako yo te fè andedan yon sak nan ayeropò a ki te soulve atansyon yon ofisye sèvis Pwoteksyon ak La Dwan Etazini.

Pasaje a te fèk debake soti Managua, Nikaragwa e li tapral nan peyi Taiwan.

Misye plede koupab a kontrebann bèt sovaj e lap fè fas kounyea ak 20 an prizon lè jij la va pwononse santans li nan mwad Out la.

XS
SM
MD
LG