Accessibility links

Breaking News

Chèf lame prive Ris Wagner di fòs li yo ap remèt Moskou kontwòl Bakhmut


UKRAINE-CRISIS/BAKHMUT
UKRAINE-CRISIS/BAKHMUT

KYIV, Ikrèn (AP) — Chèf fòs militè prive Ris Wagner a di ke fòs li yo kòmanse soti nan Bakhmut nan lès Ikrèn epi remèt kontwòl vil la bay lame Ris.

Anons li a Jedi vini yon jou apre li te di ke twoup Wagner pran kontwòl vil la.

Yevgeny Prigozhin, ki se pwopriyetè Wagner ki gen koneksyon depi lontan ak Prezidan Ris Vladimir Putin, di nan yon videyo ki parèt sou Telegram ke transfè a ta dwe fini pou pita 1ye jen.

Pa gen sous endepandan pou verifye si se vre Wagner ap kite vil la, e eta majò lame Ikrèn nan te di Mèkredi ke gwo batay t ap kontinye andedan pati lès vil la apre 9 mwa lese-frape kote dè dizèn milye moun pèdi lavi.

XS
SM
MD
LG