Accessibility links

Breaking News

Biden Nomen Diplomat Dennis Hankins Kòm Anbasadè Etazini an Ayiti


Dennis B. Hankins, diplomat de karye Prezidan Joe Biden nomen kom pwochen anbasade Etazini an Ayiti.
Dennis B. Hankins, diplomat de karye Prezidan Joe Biden nomen kom pwochen anbasade Etazini an Ayiti.

Lamezonblanch fè konnen Prezidan Joe Biden nomen diplomat de karyè Dennis B. Hankins kòm nouvo anbasadè Etazini an Ayiti.

Hankins ap travay aktyèlman kòm konseye politik etranje nan Biwo Gad Nasyonal la ki sitye nan Pantagon nan.

Diplomat Ameriken an te sèvi kom Anbasadè Etazini nan Mali ak Repiblik Gine. Li te sèvi tou kòm Chèf Misyon Diplomatik Etazini nan Soudan, Moritani ak Mozanbik.

Li te travay kòm Prensipal Ofisye Etazini nan Sao Paulo, Brezil, kòm Konsil Jeneral nan Riyadh, Arabi Saoudit, epi Konseye Politik ak Ekonomik nan Anbasad Amerikèn nan Pòtigal. Met sou sa, li te Chef seksyon politik Anbasad Etazini nan Repiblik Demokratik Kongo.

Se pa premye fwa Hankins ap travay an Ayiti. Lamezonblanch fè konnen li te Chèf Seksyon Viza pou moun ki pa imigran epi kowòdinatè refije yo.

Hankins te etidye nan inivèsite prestije Georgetown, ki sitye nan Washington, epi nan Kolèj Nasyonal Lagè a (National War College).

Li ranpòte plizyè pri pou travay li nan Depatman Deta.

Misye pale Franse, Pòtigè ak Endonezyen.

Anvan anbasadè deziye a antre nan pòs li, fòk yon komite Sena Etazini apwouve nominasyon li epi konfime l.


Korespondan VOA nan Lamezonblanch Jorge Agobian kontribye a repotaj sa a

XS
SM
MD
LG