Accessibility links

Breaking News

Yon Dam Asiyen Rudy Giuliani, Akize l Dèske li te Lolo l pou Fè Sèks Avè l


Foto Achiv: Ansyen Majistra vil Nouyok Rudy Giuliani pandan yon konferans pou lapres 7 Jyen 2022.

Yon dam ki di li te travay kom konsiltan pou ansyen majistra Nouyok la Rudy Giuliani akize misye nan tribinal Nouyok dèske li te lolo l pou fè l fè seks avè l epi ke li dwe l prèske $2 milyon.

Noelle Dunphy deklare li te direktè devlopman bizniz Giuliani ant ane 2019 ak 2021.

Li te lanse akizasyon piblikman kont Giuliani nan mwad Janvye a men li ajoute plis detay nan plent legal li mete devan tribinal Nouyok la Lendi.

Giuliani demanti akizasyon ak ak tout fos li atravè yon pot pawol. Avoka li te demanti anvan sa tou, ke Dunphy te janm travay pou Giuliani.

XS
SM
MD
LG