Yon pwofesè inivèsite ki tabli yon nouvo reko pou kantite tan yon moun viv anba dlo wikèn sa a nan yon otèl pou plonjè nan ti zile ki sitye sou kot eta Florid.
Pwofesè Inivèsite SId Florid Joseph Dituri pase 74èm jounen li anba lanmè Samdi.
Li te tanmen jefo li premye Mas e li pa gen entansyon refè sifas pazavan 9 Jyen, lè misyon li va konpli 100 jou.
Misye pase jounen kote li tabli nouvo reko a nan fon yon lak ki mezire 30 pye de pwofondè nan Key Largo. Misyte te manje ze ak somon ke li prepare nan yon fou mikwo-ond, epi fè egzèsis.
Li rele jefo a Pwojè Neptune 100 e li se yon konbinezon rechèch medikal ak rechèch sou oseyan an epi yon fason pou anseye elèv yo.