Accessibility links

Breaking News

Fè Mamogram ak Laj 40 tan olye 50 an, yon Komisyon Sante Ameriken Rekòmande


Foto Achiv: Yo radiyolojis gade de pre mamogram pou detekte kanse nan sen nan Los Angeles, 6 Me, 2010.
Foto Achiv: Yo radiyolojis gade de pre mamogram pou detekte kanse nan sen nan Los Angeles, 6 Me, 2010.

Yon komisyon federal rekòmande pou medam yo kòmanse fè mamogram ak laj 40 tan olye yo rete tann yo gen 50 tan.

Komisyon Sèvis Prevantif Etazini an di depi lontan medam yo kapab chwazi pou yo kòmanse fè tès pou detekte kansè nan tete depi yo gen 40 tan, men kounyea li bay yon rekòmandasyon ki gen plis fòs pou medam yo fè mamogram apati laj 40 tan epi kontinye fè yo chak 2 zan jiskaske yo gen 74 zan.

Rekòmandasyon ki parèt Madi a, si yo finalize l pap mete yon pwen final nan koze a.

Gen lòt gwoup sante piblik ki gen opinyon diferan sou kilè medam yo ta dwe komanse fè mamogram woutin ak si yo ta dwe fè egzamen medikal sa a chak ane oubyen chak 2 zan pito.

XS
SM
MD
LG