Accessibility links

Breaking News

Pou Amelyore Sante Mantal Timoun yo, Kek Lekòl Ameriken ap Kòmanse Pi Ta


Elev Lise Upper Darby nan eta Pensilvani koze nan lakou lekol la.
Elev Lise Upper Darby nan eta Pensilvani koze nan lakou lekol la.

Elev Lise Upper Darby nan eta Pensilvani bat bravo pou desizyon lekol la pran pou l chanje orè klas yo tanmen de 730 a 945 nan maten.

Youn nan prensipal objektif chanjman sa a ese elimine strès sa koze pou elèv kap retounen nan sal klas yo apre fen pandemi COVID-19 la.

Lide pou lekol la komanse pi ta, se yon mezi kap pale depi plizyè zane kom fason pou pèmèt adolesan yo domi plis an menm tan yap egzaminen yon fason pou kontrekare kriz sante mantal ki afekte anpil tinedjè Ozetazini.

Khalid Doulat se yon elev ki nan denye ane li nan Upper Darby High.

" Enpak pozitif skedul sa a genyen se yon bagay fomidab. Mwen konnen anpil elev pa we menm rezilta yo mwen se ti chanjman nan lavi kotidyen nou ke nou pa telman remake. Se o fu a a mezu nou konstate diferans sa kreye nan lavni nou. Onetman mwen pi kontan nan maten kounyea. Mwen pi pozitif. Le m soti lekol mwen souri olye mwen boude paske mwen oblije soti nan kabann mwen poum rive lekol a 730 du maten."

Pandemi a te bay kèk lekol opotinite pou yo eksperimante ak nouvo skedul. Se konsa lise Upper Darby te vin konsidere an 2019, lide pou klas yo tanmen pi ta. A la fen yo te jwenn mwayen pou fe sa ane sa a epi antre anseyman an liy nan pwogram lekol la.

Pandan pandemi a, yon paket elev lise te di yap goumen ak tristes ak dezespwa. Rapo yo montre tifi ak timoun LGBTQ yo te fe fas ak plis pwoblem mantal ak tantativ suisid pase lot elev yo. Rechech ki fet montre tou elev lise ak lekol segonde yo pa domi ase.

Fatima Afrani se yon elev 3em.

"Li pi fleksib. Mwen ka fe devwa mwen le mwen vle. Paske dabitud mwen konn bouke apre lekol, donk mwen renmen fleksibilite pou m pa oblije fe devwa mwen tou suit epi pa gen ke sote. Mwen konnen mwen toujou ka fe l nan maten paske tan an disponib pou mwen. Ak kou an liy yo, men pat vreman jwi bagay sa yo paske mwen te oblije leve vit, prepare m epi branche."

O pwend vu nasyonal gen omwens 9 eta Ameriken kap konsidere lwa ki gen rapo ak le lekol ta dwe komanse. Ane pase a se 4 eta selman ki tap fe menm konsiderasyon yo, dapre Konferans Nasyonal Lejislati Eta yo. An 2019, Kalifoni te tounen premye ak sel eta ki te dikte kile lekol dwe komanse.

Nan nivo lokal la, gwo sistem ediksyon nan vil tankou Denver, Filadelfi ak Anchorage, Alaska anvizaje fe lekol komanse pi ta.

Pandansetan, nan lise Upper Darby, elev yo gen devwa ki senkwonize a leson yo pou jounen an. Yo ka chwazi yon klas ki dewoule bone nan maten si yo vle, epi rankontre pwofese yo pandan ore kote yo disponib nan maten, oubyen si yo vle yo ka domi plis, oubyen fini devwa yo pat gen tan fini lavey. Evantyelman, travay ki ta dwe fet bone nan maten ap dwe fet, men elev yo ka deside kile yo fe l.

Gen kek elev ki leve bone pou fini devwa yo. Gen lot ki domi pi ta. Gen lot ki akonpaye fre ak se yo nan lekol la. Lot elev menm chwazi pou yo branche an liy pou mande pwofese yo asistans siplemante pandan ore kote pwofese yo disponib nan maten.

Tanveer Kaur se yon elev denye ane nan lise Upper Darby High.

" Mwen kwe li banmwen plis fleksibilite pou m fe sa m vle ak tan lib mwen. Mwen patisipe nan anpil aktivite andeyo lekol. Donk tan mwen genyen nan maten an banmwen opotinite pou m fe sa m vle epi ratrape m kote ki nesese."

Apre lekol fini -- ve 3 ze -- timoun yo al travay, yo al nan klub oubyen yo patisipe nan aktivite spotif. Yo ka deside si yo pral fe dewvwa yo nan aswe, oubyen leve pi bone nan maten pou fini l, oubyen anko etidye pou yon egzamen, oubyen tou domi.

Direkte Matthew Alloway di nouvo skedil la kite timoun yo "ale lekol pou egzakteman sa yo bezwen."

"Ak skedul sa a, pi gwo chanjman nou konstate se afe kite timoun yo fe egzakteman sa yo bezwen fe. E si nou pral lekol e nou gen poun aprann matematik, eske se pa yon bagay ki fe sans ke petet nou pa aprann ak menm ritm nan e ke youn nan nou ka bezwen plis tan ak pwofese a oubyen patisipe nan aktivite ak yon ti gwoup elev. "

Men kritik yo plenyen pou di mezi sa a lakoz timoun yo pase mwens tan nan sal klas la. Peryod orijinal la ki te dire 80 minit vinn rakousi kounyea. Sepandan, Alloway di se pa tankou si enstruksyon pwofese yo te toujou dure 80 minit.

"Mwen kwe mezu sa a elimine yon pati nan presyon an pa rapo ak sante mantal timoun. Pi gwo bagay pou moun yo se satisfe bezwen yo. Sa se bezwen esansyel yo. Timoun yo ap domi plis. Timoun yo ap manje manje maten."

Gen lot defi pandemi a te prezante, tankou pa egzanp yon mank pwofese ke chanjman skedul la amelyore. Pwofese yo tou kapab pran swen tet yo ak fanmi yo nan maten. Epi admnistrate yo gen plis tan pou ranplase pwofese ki malad yo.

XS
SM
MD
LG