Accessibility links

Breaking News

Arnold Schwarzenegger Repare yon Twou nan yon Katye Los Angeles


Biwo Arnold Schwarzenegger pataje foto sa a ak lapres ki montre ansyen gouvene Kalifoni an, (mitan) ap bouche yon twou nan lari Los Angeles, 11 Avril 2023.
Biwo Arnold Schwarzenegger pataje foto sa a ak lapres ki montre ansyen gouvene Kalifoni an, (mitan) ap bouche yon twou nan lari Los Angeles, 11 Avril 2023.

Swadizan "gwo koken chen twou" aktè Arnold Schwarzenegger te bouche sou yon wout nan katye li nan Los Angeles, se yon twou travayè konstriksyon te fè.

Se sa Depatman Travo Piblik Los Angeles fè konnen. Responsab yo di Konpayi Gaz Sid Kalifoni an te kouvri twou a ak asfalt pwovizwaman apre yo te finn travay sou yon tuyo nan mwad Janvye a.

Apre plizyè mwa gwo lapli ki lakoz wout yo plen twou kounyea sitwayen yo te fristre. Se konsa Schwarzenegger te jwenn anpil akolad Madi lè li te pibliye yon videyo ki montre limenm ak yon gwoup moun ap bouche twou a.

Misye pibliye yon mesaj sou kont Twitter li kote li di twou sa a tap bay machin ak bisiklèt pwoblèm depi plizyè semèn donk li deside fè kichoy.

SoCal Gas di rezon ki fè li pat bouche twou a limenm se paske lapli te kontinye tonbe.

XS
SM
MD
LG