Accessibility links

Breaking News

Lajistis San Francisco Akize yon Konsiltan Teknoloji nan Asasina Fondatè Cash App la


Chef Polis San Francisco a William Scott (dezyem a goch) reponn kestyon jounalis yo pandan yon konferans pou lapres, 13 Avril, 2023.
Chef Polis San Francisco a William Scott (dezyem a goch) reponn kestyon jounalis yo pandan yon konferans pou lapres, 13 Avril, 2023.

Otorite Etazini fè konnen yon konsiltan teknoloji jwenn arestasyon li e yo akize l de asasina fondatè Cash App la, Bob Lee nan San Francisco. Nap raple ke Cash App la se yon aplikasyon pou telefon mobil kote moun ka fè transfè lajan.

Chef lapolis Bill Scott fè konnen Nima Momeni, 38 an anba kod depi Jedi maten antanke sispèk nan asasina a.

Pwokirè San Francisco a, Brooke Jenkins di Momeni ta gen pou l konparèt devan yon tribinal Vandredi.

Lapolis te jwenn Lee ak blesi kouto koze nan katye ki rele Rincon Hill la nan San Francisco a 2:30 du maten 4 Avril pase a.

Sou pwofil LinkedIn li, Momeni dekri tèt li tankou yon "Konsiltan Teknoloji ak Antreprenè" epitou pwopriyetè yon konpayi ki rele Expand IT.

Scott di mesye yo te konnen youn lot, men li derefize di kijan egzakteman.

XS
SM
MD
LG