Accessibility links

Breaking News

Trump Asiyen ansyen avoka li Michael Cohen pou plis pase 500 milyon Dola


Michael Cohen, former attorney for former U.S. President Donald Trump, arrives to the New York Courthouse in New York
Michael Cohen, former attorney for former U.S. President Donald Trump, arrives to the New York Courthouse in New York

Ansyen prezidan ameriken Donald Trump asiyen ansyen avoka li Michael Cohen pou plis pase 500 milyon dola, dapre yon depozisyon ki fèt nan yon tribinal federal nan Florid Mèkredi 12 avril la.

Pwosè sa vini apre Cohen, ki te jwe wòl "reparatè" pou Trump, te temwaye devan yon gran jiri nan Manhattan ki apre sa te akize Trump sou 34 vyolasyon kote li ta patisipe nan falsifye dosye biznis li.

Trump, ki ap eseye yon lòt fwa jwenn nominasyon kòm kandida Repibliken pou eleksyon prezidansyèl 2024 la, te plede non koupab 4 avril pou akisasyon sa yo.

Cohen paka tann pou li bay depozisyon kòm temwen vedèt nan nenpòt jijman ki ta fèt sou dosye sila, ki santre sou yon lajan ke li te peye pou achte silans yon sispèta pònò apre manmzèl te di ke Trump te gen yon relasyon an kachèt ak li.

Dapre dokiman tribunal la, pèman sa a te fèt anvan eleksyon 2016 la.

Pwosè a akize Cohen deske li vyole relasyon avoka-kliyan li ak Trump e ke li "bay anpil manti" nan liv, e chak fwa li pale sou entènèt ak nan medya yo.

Pwosè a di ke Cohen lanse fo akizasyon sou Trump kòm « rasis » nan yon liv ki te soti an 2020 ki rele "Deloyal," e ke li te fabrike on pakèt fo konvèsasyon ke li te swadizan gen ak Trump.

Cohen pa t reponn demand Reuters imedyatman pou pale sou kesyon an.

XS
SM
MD
LG