Accessibility links

Breaking News

Ikrèn ap Chache Anpeche Piblikasyon Sekrè Militè Apre Plan Asistans LOTAN Parèt sou Rezo Sosyal yo


Bilding Pantagon nan nan Arlington, Vijini, 6 Avril 2023.
Bilding Pantagon nan nan Arlington, Vijini, 6 Avril 2023.

Lide Ikrenyen yo diskite sou fason yo ka anpeche fuit enfòmasyon militè Vandredi, apre kèk dokiman sekrè ki bay detay sou plan Etazini ak LOTAN genyen pou ede peyi a kontre ofansiv Larisi a te pibliye sou rezo sosyal yo.

Jounal New York Times rapòte Jedi, ke dokiman sekrè ki gen rapò ak lagè a te pibliye semèn sa a sou Twitter ak Telegram, ke moun nan Larisi sevi anpil. Yo site responsab wo plase Ameriken.

Yon responsab Ikrenyen di Reuters dokiman an te gen ladann "anpil fo enfòmasyon" e ke mesaj yo tèt koupe ak operasyon dezenfòmasyon Ris yo konn pwopaje pou ankouraje moun doute ofansiv la, ki mande itilizasyon zam pèfeksyone l Oksidan.

Kremlen an pa reponn demann ajans nouvèl Reuters fè pou kòmantè.

Lamezonblanch pa reponn demann pou kòmantè non plis.

Yon pòt pawòl Pantagon nan voye yon email bay Reuters kote li fè konnen li "o kouran de rapò ki parèt sou mesaj ki pibliye sou rezo sosyal yo. Depatman an ap revize kestyon an. "

XS
SM
MD
LG