Accessibility links

Breaking News

Rusesabagina nan Katar, Li prale jwenn fanmi li Ozetazini


Rwanda Rusesabagina
Rwanda Rusesabagina

NAIROBI, Kenya (AP) — Otorite nan peyi Rwanda lage semèn pase a nonm ki te bay enspirasyon pou fè fim "Hotel Rwanda" a. Li rive Katar e kounya li sou wout pou l reyini ak fanmi li Ozetazini.

Yon pòtpawòl ameriken fè konnen Paul Rusesabagina nan Doha kounye a e ke "li pral anvan lontan fè wout li pou tounen Ozetazini."

Rusesabagina ki gen 68 an, ki se yon rezidan legal Ozetazini e tou yon sitwayen Bèlj, te kite Rwanda apre li te sove plizyè santèn konpatriyòt li nan kokenn masak ki te fèt sou popilasyon peyi a an 1994, te jwenn kondasyon an 2021 pou krim teworis epi yo te ba li kondanasyon 25 ane prizon nan yon pwosè ki te soulve anpil kritik.

XS
SM
MD
LG