Accessibility links

Breaking News

LaChin Deklare Ke Fòs Chinwa yo te Repouse yon Destroyer Ameriken


China US South China Sea
China US South China Sea

Etazini demanti yon pawòl LaChin jedi kòmkwa fòs chinwa yo te repouse yon destroyer ameriken ki te gen misil gide, ki te antre nan dlo teritwa LaChin.

Tian Junli, yon pòtpawòl pou Kòmandman Teyat Sid LaChin, di destroyer ameriken USS Milius te glise kò li antre nan dlo nan alantou Zile Paracel yo, « sa ki minen lapè ak stabilite nan Lanmè Sid LaChin nan. »

7èm Flòt Lamarin Etazini an rejte deklarasyon LaChin nan kòm fo, e li di destroyer a « t ap mennen operasyon woutin nan Lanmè Sid LaChin e ke yo pa te kouri dèyè l. »

7èm Flòt la kontinye pou di « Etazini pwal kontinye vole, navige, e opere kèlkeswa kote lalwa entènasyonal pèmèt li fè sa. »

Tansyon ap ogmante nan rejyon an ant LaChin ak Etazini.

XS
SM
MD
LG