Accessibility links

Breaking News

Etazini Arete Ansyen Majistra Ayisyen Viliena Anba Akizasyon Fwod Viza


Ansyen Majistra vil Les Irois, an Ayiti, Jean Morose Viliena devan tribinal federal Boston an, 20 Mas, 2023.
Ansyen Majistra vil Les Irois, an Ayiti, Jean Morose Viliena devan tribinal federal Boston an, 20 Mas, 2023.

Ansyen majistra vil Les Irois an Ayiti anba kòd Ozetazini kote lajistis akize li de fwod viza Mèkredi. Arestasyon an dewoule yon jou apre yon juri te pase lòd pou l peye $15,5 milyon dedomajman bay viktim ki te akize l de asasina, tantativ asasina ak zak vyolans politik.

Avoka gouvènman federal la nan Boston fè konnen Jean Morose Viliena, 50 an, te obteni kat vèt ki pèmèt li viv Ozetazini an pèmanans ilegalman apre li te bay manti ke li pat pase lòd ni patisipe nan oken asasina politik an Ayiti.

Avoka gouvènman an di ke vreman vre, misye te patisipe pèsonèlman nan zak toupizi, imilyasyon ak asasina advèsè politik li yo apre li te eli pou yon manda 4 an kòm majistra vil Les Irois an Ayiti an 2006.

Misye te obteni viza a an 2008. Lap viv kounyea nan vil Malden, eta Massachusetts kote lap travay kom chofè kamyon. Avoka Viliena a pat reponn demann Reuters fè pou komantè.

Foto Achiv: Nissandere Martyr, Juders Yseme ak David Boniface, pleyan yo nan pwose kont ansyen majistra vil Les Irois an Ayiti, Jean Morose Viliena.
Foto Achiv: Nissandere Martyr, Juders Yseme ak David Boniface, pleyan yo nan pwose kont ansyen majistra vil Les Irois an Ayiti, Jean Morose Viliena.

Nouvo akizasyon lajistis vini yon sèl jou apre yon jiri te pase lòd pou li peye dedomajman apre yon jiri jwenn ni koupab nan yon pwosè 3 sitwayen Ayisyen - a savwa David Boniface, Juders Yseme ak Nissage Martyr te lanse kont li pou di li te pèsekite yo ak fanmi yo nan epòk kote li te majistra.

Ka sila a te klere limyè sou zak vyolans ki trakase Ayiti depi plizyè zane, kote gang ak vale plis teren chak jou epi kidnape moun.

Pleyan yo te akize Viliena gras ak yon lwa ki date de ane 2017 e ki rele Lwa Pwoteksyon Viktim Toupizi. Lwa sa a pèmt sitwayen mennen pwosè Ozetazini kont responsab etranje ke yo akize de asasina politik oubyen toupizi apre yo finn eseye tout mwayen legal nan peyi natal yo, san siksè.

Pleyan yo di Viliena te dirije yon gwoup nèg ame an 2007 ki t'al lakay Boniface epi bat ak tire e touye frè misye. Apre sa li te mobilize yon gwoup an 2008 ki te bat epi tire Martyr ak Yseme nan yon stasyon radyo kominotè.

Martyr te pèdi yon janm epi Yseme te avegle nan yon je. Martyr mouri an 2017 apre pwosè a te tanmen. Kounyea se pitit gason li ki ranplase l kòm pleyan.

XS
SM
MD
LG