Accessibility links

Breaking News

Avoka 3 Gason Ayisyen ki Akize yon Ex-Majistra de Abi ak Vyolans Politik, Prezante Dènye Agiman yo


Nan foto sa a ke avoka Ela Matthews pataje ak lapres, David Boniface, Nissage Martyr ak Juders Yseme (de goch a dwat) poze pou yon foto ansanm nan peyi d Ayiti, nan mwad Janvye 2014.
Nan foto sa a ke avoka Ela Matthews pataje ak lapres, David Boniface, Nissage Martyr ak Juders Yseme (de goch a dwat) poze pou yon foto ansanm nan peyi d Ayiti, nan mwad Janvye 2014.

Avoka 3 Ayisyen ki ap mennen pwosè nan Boston kont yon ansyen majistra vil natal yo an Ayiti pou zak vyolans politik ak terè dekri akize a tankou yon "tiran" pandan dènye agiman yo devan trivinal la.

Sepandan avoka akize a deklare Lendi nan tribinal distri Boston an ke temwayaj mesye yo bay kite anpil twou vid e ke se lajan yo tap chache lè yo te deside akize Jean Morose Viliena, ansyen majistra vil Les Irois.

Pwosè Viliena, ki gen rezidans Ozetazini e kap viv nan eta Massachusetts kounyea, jete limyè sou kestyon zak vyolans politik la ak feblès sistèm jidisyè Ayisyen an.

Bonnie Lau, ki reprezante 3 mesye yo mande juri a pou l akode yo $35 milyon dola konpansasyon ak pinisyon pou dega majistra a koze.

Peter Haley, avoka Viliena bo kote pa li di temwayaj yo tande pandan pwosè a te depaman, temwen yo lye ak moun ki akize kliyan li, epi ke yo paka rann Viliena responsab pou zak lot moun te komet.

Juri a t al lakay li Lendi san li pa pran yon desizyon, e li te reprann deliberasyon Madi.

Mesye Ayisyen yo lanse akizasyon kont Viliena anba yon lwa Ameriken ki rele Lwa Pwoteksyon pou Viktim Toupizi Ane 1991, ki pèmèt viktim yo akize nan tribinal Etazini, responsab etranje ki te swadizan komèt krim nan peyi natal yo -- si yo finn pousuiv tout mwayen legal nan peyi natal yo san okenn siksè.

Se Sant pou Jistis ak Responsabilite a nan vil San Francisco ki lanse akizasyon an pou yo.

Avoka Viliena di kliyan li pa mele nan okenn zak vyolans e ke li te responsab pou amelyorasyon sèvis tankou enfrastrikti, epitou pi bon aksè ak swen medikal pandan li te majistra Les Irois.

Vil sila a gen yon popilasyon 22,000 abitan e li sitye sou kot wès Ayiti a yon distans 225 kilomèt ak kapital la, Potoprens.

Moun ki akize majistra a se: David Boniface, Juders Yseme epi Nissage Martyr.

XS
SM
MD
LG