Accessibility links

Breaking News

'Nou Jwen Jistis Ozetazini' Viktim yo di VOA, Apre Yon Juri Jwenn Ex-Majistra Ayisyen Viliena Koupab, Egzije li Peye $15M Dedomajman


Ansyen Majistra Jean Morose Viliena kite tribinal federal la nan Boston, 20 Mas, 2023.
Ansyen Majistra Jean Morose Viliena kite tribinal federal la nan Boston, 20 Mas, 2023.

"Nou jwen jistis Ozetazini," viktim ki te akize yon ex-majistra Ayisyen de asasina, tantativ asasina ak toupizi di VOA Kreyol apre yon juri nan Boston jwenn ni koupab.

Yon juri federal deside Madi, an favè 3 Ayisyen sayo ki te akize ansyen majistra vil Les Irois an Ayiti, Jean Morose Viliena, dèske li te pèsekite yomenm ak fanmi yo pou rezon politik.

Reyaksyon Viktim yo sou Desizyon Jiri Boston Pran pou Jwenn Ex-Majistra Viliena Koupab
please wait

No media source currently available

0:00 0:00:30 0:00

Juri a nan Tribinal Distri Boston nan akode Ayisyen yo plis pase $15 milyon dedomajman.

Jean Morose Viliena, se yon rezidan legal Etazini ki abite Massachusetts kounyea.

Sitwayen Ayisyen yo te asiyen li an 2017 dapre yon lwa Ameriken ki rele Lwa Pwoteksyon pou Viktim Toupizi Ane 1991 la, ki pèmèt viktim yo akize nan tribinal Etazini, responsab etranje ki te swadizan komèt krim nan peyi natal yo -- si yo finn pousuiv tout mwayen legal nan peyi natal yo san okenn siksè.

Se Sant pou Jistis ak Responsabilite a nan vil San Francisco ki lanse akizasyon an pou yo.

Avoka Viliena di kliyan li pat mele nan okenn zak vyolans e ke li te responsab pou amelyorasyon sèvis tankou enfrastrikti, epitou pi bon aksè ak swen medikal pandan li te majistra Les Irois.

Les Irois a gen yon popilasyon 22,000 abitan e li sitye sou kot wès Ayiti a yon distans 225 kilomèt ak kapital la, Potoprens.

Moun ki akize majistra a se: David Boniface, Juders Yseme epi Nissage Martyr.

Ex-majistra Viliena te derefize fè komantè sou desizyon juri a.

Korespondan VOA Kreyol nan Boston, Erlich Dorelas kontribye a repotaj sa a. Kek enfomasyon soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG