Mwayen Oryan
20 An Apre Envazyon Ameriken an, Jèn Irakyen yo Wè Siy Espwa

Iraq jodia pa sanble ditou ditou peyi ke Etazini te anvayi sa gen 20 an sa, pou wetire Saddam Hussein sou pouvwa a.
Yon nouvo jenerasyon paka tann pou ekate li ak tradisyon divizyonis pase a epi geri divizyon ki egziste yo.
Nan plizyè douzèn entèvyou Associated Press fè mwa sa a nan vil Baghadad pou rive Fallujah, jèn Irakyen yo deplore enstabilite ki te suiv dechoukay Saddam nan ak okipasyon an.
Men pi fò nan yo di lagè a nan le pase e yo gen espwa dèske libète ak opòtinite yo genyen kounyea pral ede yo fè rèv yo tounen reyalite.
See all News Updates of the Day
Prens Eritye Jòdani Marye nan yon Seremoni Djak sou Djak

Prens Eritye peyi Jòdani an marye ak pitit fi yon fanmi Saoudyen ki byen koni nan yon selebrasyon ki te dewoule nan pale a. Plizye manm fanmi wayal la ak gwo chabrak ak diyite ki soti toupatou nan mond lan te prezan.
Gwo foul moun te rasanble toupatou nan wayom nan pou we jen prenses la, ki se yon bel dam, nan moman yo tap prezante l bay yon odyans global.
Maryaj Prens Hussein, 28 an ak Achitek Saoudyenn Rajwa Alseif, 29 an, atire yon lis envite ki se wo loloy net - pami yo Prens William d Anglete ak madanm ni Kate.
Sepandan maryaj la gen tou, anpil siyifikasyon pou rejyon an. Li mete aksan sou kontinuite nan eta Arab sa a ke moun felisite pou stabilite gouvenman li, epitou rafrechi imaj monarchi a apre yon kont anme ki te dewoule andedan pale a.
Maryaj la taka menm ede Jòdani ranfòse lyen estratejik li ak vwazen li, Arabi Saoudit, ki rich epi chaje ak petwòl.
Zelensky nan Arabi Saoudit

Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelensky anonse Vandredi ke li rive nan Arabi Saoudit pou patisipe nan somè Lig Arab la nan vil Jeddah anvan ke li ale Japon pou patisipe nan reyinyon G7 la.
Zelensky di sou kont Telegram li. "Mwen pral pale nan somè Lig Arab la. Mwen pral rankontre Prince eritye Mohammed bin Salman epi fè lòt chita pale."
Se premye vizit li nan rejyon an depi kòmansman envazyon Ris la 24 fevriye 2022 a.
Apre vwayaj li nan Arabi Saoudit, Volodymyr Zelenskyy espere ale an pèsòn nan somè G7 la nan Iwochima (Japon), kote lidè prensipal ekonomi Lwès yo deja anonse nouvo sanksyon pou trangle ekonomi Ris la.
Prezidan ikrenyen an fèk sot fè vire-won nan plizyè peyi ann Ewòp pou mande plis zam ak ekipman militè pou sipòte yon gwo kont-ofansif ki vize repran teritwa Larisi okipe yo.
- Serge Michel
Pakistan: Lapolis ap Chèche Patizan Imran Khan
Lapolis lage koukou-wouj dèyè patizan ansyen PM peyi Pakistan Imran Khan ki te jwenn arestasyon-l nan semèn nan.
- Serge Michel
Ansyen premye minis peyi Pakistan Imran Khan Libere sou kosyon

Ansyen premye minis peyi Pakistan Imran Khan jwenn libète sou kosyon, dapre desizyon Gran Tribinal la nan Islamabad jodi vandredi a, apre arestasyon li, semèn sa a, anba akizasyon detounman lajan, te deklannche lese-frape kote moun te pèdi lavi.
Paramilitè te mete men sou Khan nan yon tribunal, madi a, pou fèmen li nan prizon, men apre sa, Kou Siprèm nan deklare arestasyon an ilegal e ekzije pou sistèm jistis la retounen sou pwosesis la.
Jodi vandredi a, apre li te fin retounen nan Gran Tribinal Islamabad la nan yon konvwa chaje ak sekirite e mache pou antre nan bilding nan ansanm ak dè douzèn ajan polis ak paramilitè, tribunal la lage li sou kosyon.
“Tribinal la akòde Imran Khan yon kosyon pwovizwa 2 semèn e pase otorite yo lòd pou yo pa arete li pou pwosè detounman lajan an,” se sa avoka Khawaja Harris ki ap defann Khan di jounalis yo.
Avoka yo ki ap defann pati Khan nan, pati ki gen ti non PTI, te rasanble devan tribunal la anvan yo te rele bien fò: “Khan, fidèl ou yo tèlman anpil ke ou pa ka konte yo” epi “Avoka yo vivan”, lè lidè dechouke a te leve yon ponyèt li anlè.
- Serge Michel
Human Rights Watch, Di Lapolis nan Pakistan "Tire sou Manifestan" Yo

Lapolis ak politisyen nan Pakistan konfime jedi ke pifò nan komite santral pi gran pati politik peyi a, pati ansyen Premye-minis Imran Khan nan ak dè santèn sipòtè li swa te jwenn arestasyon yo oswa lapolis dèyè yo.
Koukou-wouj sa a vini kòm repons pou manifestasyon masif ak vyolan ki te dewoule nan tout peyi a, ki te gen nan tèt yo pati opozisyon Pakistan Tehreek-e-Insaf, pati ansyen PM Khan nan, ki te move kou Kong pou arestasyon li ki te fè gwo espektak, madi a devan yon tribunal nan kapital la, Islamabad.
Lese-frape ant manifestan, gason ak fanm, ak lapolis depi lè a pran lavi pou pi piti 8 moun e blese yon pakèt lòt. Pou defann arestasyon yo, lapolis di ke yo te fèt sou akizasyon kraponay kriminèl, deblozay, ak atak sou pwopriyete leta.
Gwoup ki ap defann dwa moun, Human Rights Watch, di jedi lapolis nan Pakistan “tire sou manifestan e fè vyolans” san nesesite sou yo.