Accessibility links

Breaking News

Lidè Amerik Latin, Karayib Pral Diskite Mezi pou Konbat Enflasyon


Foto Achiv: Prezidan Meksik Andres Manuel Lopez Obrador
Foto Achiv: Prezidan Meksik Andres Manuel Lopez Obrador

Apepre yon douzèn lidè ki soti nan Amerik Latin nan ak Karayib la pral fè yon rankont vityèl nan mwad Avril la pou diskite sou mezi komèsyal ki vize konbat enflasyon. Se sa Prezidan Meksiken an, Andres Manuel Lopez Obrador fè konnen Jedi.

Pandan yon konferans pou laprès, Lopez Obrador deklare rankont vityèl la, ki fikse pou 5 Avril, pral gen patisipasyon lidè peyi Chili, Ajantin, Brezil, Kolonbi, Kiba, Onduras, Beliz ak Bolivi. Li ajoute yo va fè suivi a pandan yon rankont fas-a-fas.

XS
SM
MD
LG