Accessibility links

Breaking News

Sekretè Deta Etazini Anthony Blinken rive nan kapital Etyopi a Addis Abeba


ETHIOPIE-US-DIPLOMATIE
ETHIOPIE-US-DIPLOMATIE

Nan premye eskal yon vizit nan 2 peyi ann Afrik, Sekretè Deta Etazini Anthony Blinken rive nan kapital Etyopi a Addis Abeba.

Vwayaj sa a antre nan kad yon efò pou pouse angajman Etazini ak kontinan an. Relasyon ant Etazini ak Etyopi gen pwoblèm nan 2 lane ki pase yo akoz yon gè sivil brital ki lakoz yon afè 50-mil sivil pèdi lavi yo akoz vyolans, grangou ak mank swen medikal. Dè milye moun kite kay yo.

Blinken gen pou li rankontre ak Premye-minis Etyopi, Abiy Ahmed, mèkredi. Li ka rankontre tou ak dirijan nan Tigre yo.

Vwayaj li a pwal santre sou aplikasyon yon akò lapè ke 2 kan ki te ap goumen yo te jwenn nan mwa Novanm ane pase, ki te mete fen nan batay yo nan rejyon Tigre nan nò peyi a.

Sarah Yager, ki dirije Human Rights Watch nan Washington, di Abiy espere asire yon èd ekonomik ak yon pwomès Blinken pou “nòmalize relasyon” ak Etazini, malgre peyi a pako nan lapè jouk kounyea.

An Janvye, fòs Tigre yo te komanse remèt tank ak zam lou ki te nan men yo nan kad yon antant pou lapè.

XS
SM
MD
LG