Accessibility links

Breaking News

Ki sa 'Pwojè Willow'a ye?


FILE - This 2019 aerial photo provided by ConocoPhillips shows an exploratory drilling camp at the proposed site of the Willow oil project on Alaska's North Slope.
FILE - This 2019 aerial photo provided by ConocoPhillips shows an exploratory drilling camp at the proposed site of the Willow oil project on Alaska's North Slope.

Sit sa nan Alaska fè pati projè “Willow” a ki soulve pawòl anpil nan peyi Etazini.

Projè Willow a se plan ConocoPhillips pou fè fouye pou chèche petwòl ak gaz natirèl nan eta Alaska.,

Yon plan ke Prezidan Biden anonse ke li pral apwouve, e desisyon sa deklanche yon mekontanman lakay aktivis sou kesyon chanjman klima a yo.

Ki sa egzakteman pwojè Willow a ye? E poukisa aktivis yo kont li?

Pwojè Willow a se ConocoPhillips ki pwopoze li, li ap koute apeprè 7 milya dola, epi li pral fèt andedan Rezèv Nasyonal Petwòl la nan Alaska, ki se yon espas 23 milyon ekta tè ke moun pa te janm deranje Ozetazini.

Yo estime ke gen apreprè 600 milyon dwoum petwòl nan zòn sa.

Depatman Enteryè Administrasyon Biden lan apwouve yon vèsyon redui pou pwojè aki ta gen ladan li 3 sit pou yo fouye petwòl, e plan revize a ap gen mwens enfrastrikti sou sifas tè a.

Dapre Depatman Enteryè – plan sa pral ede diminye pwoblèm pou zòn kote bèt tankou lous polè ap viv.

Sa gen kèk ane depi administrasyon Trump la te apwouve pwojè konplè a, men yon jij federal nan Alaska an 2021 te ranvèse desizyon sa a, kote li te di analiz sou anviwònman an te gen fay e ke yo ta dwe refè li.

Malgre chanjman ki fèt nan pwojè a, aktivis anviwònman yo toujou pa kontan.

Dapre yo kelkeswa jan yo ta fè chanjman nan pwojè a, li toujou poze yon menas sou anvironman ane yo di li ap fè kolizyon ak pwomès administrasyon Biden nan te fè pou li konbat chanjman klima a.

XS
SM
MD
LG