Accessibility links

Breaking News

Kou Siprèm Etazini ap Konsidere Plan Biden pou Redui Dèt Etidyan yo


Patizan eliminasyon det etidyan yo rasanble devan Kou Siprem la nan Washington, Lendi 27 Fevriye, 2023.
Patizan eliminasyon det etidyan yo rasanble devan Kou Siprem la nan Washington, Lendi 27 Fevriye, 2023.

Kou Siprèm Etazini ap konsidere yon pwosè ki gen rapo ak plan Prezidan Joe Biden genyen pou l swa elimine, swa redui dèt etidyan ki prete lajan pou finanse etid yo. Gen dè milyon Ameriken plan sa a afekte.

Kou Siprèm nan ki gen yon majorite jij konsèvatè, pral tande agiman Madi bo kote 2 moun ki konteste plan an.

Pou kounyea, jij ke prezidan Repibliken nomen bloke plan an.

Agiman yo sipoze dewoule 2 ze d tan, men li posib ke yo dire pi lontan.

Administrasyon Biden nan di gen 26 milyon moun ki aplike e 16 milyon apwouve pou gouvenman federal la padone jiska $20,000 det yo.

Pwogram nan pral koute gouvenman an apepre $400 milya dola pandan 30 an.

XS
SM
MD
LG