Accessibility links

Breaking News

Gerard Latortue Mouri a Laj 88 an


Foto Achiv: Premye Minis pa enterim Ayisyen Gerard Latortue nan Vyen, Otrich, 28 Nov. 2005.
Foto Achiv: Premye Minis pa enterim Ayisyen Gerard Latortue nan Vyen, Otrich, 28 Nov. 2005.

Gerard Latortue, ex-premye minis enterimè Ayiti mouri. Li te gen 88 an.

Premye Minis Ariel Henry anonse nouvèl la Lendi. Li dekri Latortue kom "yon refomis, patriyot, teknokrat, vwa chanjman, devlopman ak patizan demokrasi."

Latortue tap viv an egzil anvan li te prete sèman kom premye mnis enterimè Ayiti an Mas 2004.

Li te monte sou pouvwa a apre plizyè mwa kote san te koule akoz hing-hang politik ki te lakoz 300 moun te pèdi lavi yo epi debouche sou ranvèsman ansyen Prezidan Jean Bertrand Aristide sou pouvwa a.

XS
SM
MD
LG