Accessibility links

Breaking News

Blinken Kondane Envazyon Larisi nan Ikrèn a l Okazyon Premye Anivèsè Lagè a


Sekrete Deta Antony Blinken pran la pawol devan Konsey Sekirite Nasyonzini, Vandredi 24 Fevriye, 2023.
Sekrete Deta Antony Blinken pran la pawol devan Konsey Sekirite Nasyonzini, Vandredi 24 Fevriye, 2023.

Sekretè Deta Ameriken Antony Blinken pwononse yon diskou devan yon rankont responsab wo plase Nasyonzini Vandredi pou make premye anivèsè envazyon Larisi nan Ikrèn nan.

Blinken deklare: "Majorite eta manm yo vote plizyè fwa pou kondane vyolasyon Larisi fe kont Chat LONU an epi rejte tantativ ilegal li fè pou sezi teritwa Ikrenyen. Gen 141 peyi ki vote nan Asanble Jeneral la an fave yon rezolisyon ki reafime prensip de baz souvrènte ak entegrite teritoryal epi denonse atwosite Larisi yo. Yo eksprime sipo yo pou yon lape ki jis ak konpreyansiv an ako ak Chat LONU an."

Blinken bay bilan atwosite twoup Ris yo ak mèsenè li yo komèt pandan 12 mwa depi li lanse envazyon an e li pale de rezistans fewos lame Ikrenyen an.

"Oken peyi pa soufri plis pase Ikrèn, men tout peyi soufri konsekans envazyon Ris la. Sepandan peyi toupatou nan mond la kontinye apiye Ikrèn. Paske nou tout rekonèt ke si nou abandone Ikrèn, nap abandone Chat LONU an ak tout prensip ak règleman ki lakoz peyi nou yo jwi plis sekirite."

Blinken souliyen tou ke sèl fason pou gen yon veritab lapè se si Larisi pa gen kapasite re-apwovizyone twoup li yo pou lanse atak.

Pandansetan, Ministe Afè Etranje Chinwa a deklare Peken pibliye yon plan ki gen 12 pwen ladann pa rapo ak yon "solisyon politik pou kriz Ikrèn nan. Li gen ladann yon seselfe ak chita tande lapè.

Pandan yon konferans pou laprès li te bay pou make premye anivèsè envazyon Ikrèn nan, potpawol ministè afè etranje a, Wang Wenbin di Lachin volontye pou l travay ak kominote entènasyonal la pa rapo ak plan sa a pou ke Lachin ka kontribye a yon rezolisyon ant Larisi ak Ikrèn.

Peken prezante plan sa a apre Lachin te anonse sa pa gen lontan, li tap eseye aji kom medyatè nan lagè sa a ki bay alyans Oksidantal yo plis jarèt pandan ke Peken ak Moskou konsidere yo tankou rival.

Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelenskyy limenm bat bravo pou plan Chinwa a e li fè konnen li gen entansyon rankontre Prezidan Xi Jinping -- men li pa presize kilè.


XS
SM
MD
LG