Accessibility links

Breaking News

Meta Dezaktive Fo Kont Pro-Gouvènman an nan Kiba ak Bolivi


FRANCE-INTERNET-META-FACEBOOK
FRANCE-INTERNET-META-FACEBOOK

Meta, konpayi ki gen 2 rezo sosyal yo Facebook ak Instagram, anonse Jedi ke li te dezaktive fo kont pro-gouvènman an nan peyi Kiba ak Bolivi, ke moun tap tap itilize pou diskredite opozan politik nan peyi a, epi klike "like" pou kontni pwo-gouvènmantal.

Fo Kont sa yo te aktive nan 2 peyi. Kontni ke yo te pibliye te te rive jwenn dè santèn de milye itilizatè. Meta te sispann yo apre yon ankèt entèn ki te konkli pandan ane 2022.

Youn nan manadjè sekirite gwoup Kalifòni an, pandan yon videyo konferans ak AFP. te di " Nou te eseye chache ki moun ki te dèyè tout bagay sa yo, men ankèt nou an te revele lyen ak gouvènman Kiben an".

Nan Bolivi, ankèt yo te mennen te jwenn lyen ak pati sou pouvwa goch la, ganyan Mouvman pou Sosyalis (MAS) nan eleksyon prezidansyèl 2020 an, ak yon gwoup ki rele tèt li "Gèrye Dijital".

XS
SM
MD
LG