Accessibility links

Breaking News

Bilgari Jwenn 18 Imigran Mouri nan Yon Kamyon


BULGARIA-EU-MIGRATION
BULGARIA-EU-MIGRATION

Otorite nan Bilgari jwenn 18 imigran mouri nan yon kamyon Vandredi.

Peyi Balkan yo te fè fas nan dènye mwa yo ak yon foul migran san parèy.

Minis Enteryè a te anonse "Dapre premye eleman ke yo jwenn , machin nan t ap transpòte ilegalman anviwon 40 migran".

Kòz lanmò a enkoni jiska prezan.

Lapolis te enfòme pa rezidan yo de prezans yon kamyon ki abandone toupre vilaj la nan Lokorsko, apeprè ven kilomèt de kapital la.

Ministè a te di ke kontrebandye ki te kouri met deyò e otorite yo ap chèche yo .

Dapre Minis Sante Assen Medjidiev pami sivivan yo, yo te menen 14 nan yo lopital, 8 nan yo nan kondisyon grav.

Yo te jwenn 10 lòt moun ki te kache nan rak bwa.

Bilgari te wè yon ogmantasyon nan moun ki ap antre nan peyi a san papye malgre prezans baraj li gen sou fwontyè li genyen a ak Latiki.

XS
SM
MD
LG