Accessibility links

Breaking News

Blakawout Frape Ayewopò Kennedy nan Nouyòk


Airport USA
Airport USA

Yon blakawout nan ayeropò entenasyonal Kennedy a nan Nouyòk dire yon dezyem jou.

Blakawout la lakoz pasaje bloke epi otorite yo oblije anile vòl oubyen voye avyon yo nan lòt ayewopò.

Operate ayeropò a di sou Twitter Jedi swa ke Terminal 1 pral rete femen Vandredi akoz pwoblem elektrisite.

Operate ayewopò a di se yon panel elektrik ki mal fonksyone epi pran dife ki lakoz kouran an koupe.

Yon avyon Air New Zealand te fini 2 tye vwayaj li pou travese Oseyan Pasifik la le li aprann nouvel la epi oblije kase tet tounen Auckland. Vòl la ateri nan La Nouvel Zeland sen e sof 16 he apre li te dekole.

Poko gen okenn nouvo enfòmasyon sou blakawout la nan Nouyòk.

Ayeropò JFK (Kennedy) gen 5 terminal ki aktif.

XS
SM
MD
LG