Accessibility links

Breaking News

Pòt Pawòl Depatman Deta Pale sou Ayiti


Foto Achiv: Pot pawol Depatman d'Eta Ned Price.
Foto Achiv: Pot pawol Depatman d'Eta Ned Price.

Pot pawol Depatman Deta Ned Price pale sou Ayiti nan yon rankont ak lapres Madi. Price te fe komante a kek he d tan apre lajistis Etazini te anonse 4 nouvo arestasyon an koneksyon ak dosye Moise la.

Price deklare: "Nap travay pou fè aktè ki responsab pou sityasyon kawotik Ayiti a kote anpil san koule ak moun ki dèyè zak vyolans yo pran responsabilite. Enpas ki egziste a debouche sou anpil dezod epi yo gen enplikasyon imanite pou anpil Ayisyen."

Nou deja anonse plizyè seri sanksyon. E kèk pami patnè nou yo fè meman parèyman kont lidè gang yo."

Pòt Pawòl Depatman Deta a pale sou Sityasyon Ayiti
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:24 0:00

Nap raple Etazini anonse arestasyon Antonio "Tony" Intriago, pwopriyetè CTU Security - k ap fè fas ak akizasyon dèske li te konplote pou touye oubyen kidnape yon moun andeyò peyi Etazini. La jistis akize l de lòt krim tou, ansanm ak reprezantan konpayi a Arcangel Pretel Ortiz.

Finansye Ameriken Walter Veintemilla limenm ki gen baz li nan Florid, ap fe fas ak akizasyon dèske li te finanse operasyon pou touye Prezidan Moise la. Yon 4em sispèk ki rele Frederick Joseph Bergmann Jr. ap fè fas ak akizasyon kontrebann.

Markenzy Lapointe se Avoka Gouvenman an pou Distri Sid Florid la.

"Ajan yo arete 4 mesye sa yo dapre plent kriminel biwo mwen lanse, ke nou devwale jodia. Sa fe yon total 11 akize Etazini akize an koneksyon ak wol yo nan asasina Prezidan Moise la."

Nan moman ankèt Ameriken sou asasina Moise la ap avanse, ankèt Ayisyen an prèske kanpe. Gen 3 jij enstriksyon ki bay demisyon yo akoz kè sote yo te genyen dèske yo tapral mouri epi yo revoke yon 4èm jij. Sepandan okenn odisyon poko fèt pou plis pase 40 sispèk yo arete an Ayiti. Plizyè pami yo - ladann gen 18 solda Kolonbyen fèmen nan prizon nan Potoprens kote ki sichaje ak moun epi ki souvan soufri ak mank manje ak dlo.

Korespondan VOA nan Depatman Deta Cindy Saine kontribye a repotaj sa a. Jeanty Augustin Junior kontribye a repotaj sa a depi Miami.

XS
SM
MD
LG