Accessibility links

Breaking News

Antonio Guterres Avèti li Pè pou Lagè Ikrèn nan pa Pran plis Ekstansyon


António Guterres
António Guterres

Minis Defans Ikrèn Oleksii Reznikov poste yon Tweet madi ki di refòm ap kontinye, “malgre lagè a.” Tweet sa a vini nan moman gen yon pakèt demisyon ak revokasyon ak rimè ki fè konprann yo ta ranplase li.

Prezidan Ikrèn Volodymyr Zelenskyy pa pale an piblik sou kòmantè yon manm palman an ki te di Reznikov jwenn transfè pou ale nan yon lòt pozisyon.

Sekretè Jeneral l-ONU Antonio Guterres pale lendi pou avèti nasyon yo ke li pè pou lagè a pa pran plis ekstansyon nan konfli LaRisi-Ikrèn nan, sa ki vle di mond la ap pran direksyon yon gè ki pi laj.

“Chans pou lapè a ap diminye. Chans pou lagè a eskalade e fè plis san koule kontinye ap ogmante, » se sa li di diplomat yo nan New York. Mwen pè pou mond la pa ap mache nan dòmi pou antre san li pa konnen ak je louvri nan yon gè ki pi laj. »

Menm Swis ki pa janm nan lagè, gen moun ki gen santiman anfavè Ikrèn ki ap fè presyon sou gouvènman an pou li voye zam bay konbatan nan Ikrèn.

XS
SM
MD
LG